POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

ELÈV MIAMI-DADE JWENN ÒF POU YON KONTRA

MIAMI –Katreven-senk elèv nan lekòl mwayen ak segondè nan lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ap prepare pou yon gwo jou.  Jedi 31 me 2007, yo pral siyen yon kontra avèk “Take Stock in Children” (Envesti nan Timoun yo) nan Kolèj Miami-Dade Wolfson Campus, ki di yo ap rete lekòl, y ap kontinye fè bon nòt, yo pap patisipe nan aktivite krim ak dwòg, e yo ap rankontre ak yon konseye pou inèdtan chak semèn.  An retou, elèv yo ap resevwa yon bousdetid katran pou kolèj.

Pati konseye nan “Take Stock in Children” nan enpòtan pou siksè pwogram nan.  Yon konseye pa sèvi tankou yon moun ki bay leson oubyen yon moun ki ap bay disiplin, men li aji tankou youn zanmi ak yon modèl.   Alejandro Alvarez, Direktè Pwogram nan di: “Sa k esansyèl la sèke nou pa kab bay timoun sa yo bousdetid yo merite amwenske nou jwenn konseye ki ap fè pati pa yo tou pou asire siksè elèv yo.  Pwogram nou an sèvi kòm yon solisyon pou retire timoun nan povrete, sispann echèk akademik, krim pami jèn nan kominote nou yo, e konseye nou an jwe yon gwo wòl nan sa.”

Genyen kounye a plis pase 400 elèv M-DCPS ki anwole nan “Take Stock in Children.”  “Take Stock in Children Miami-Dade” la se yon òganizasyon non-likratif ki bay sèvis pou ranfòse jèn ki pa gen gwo mwayen nan lekòl mwayen ak segondè.  Pou plis enfòmasyon sou “Take Stock in Children” oubyen pou fè volontè kòm yon konseye vizite www.takestockinchildren.com oubyen rele nan 305-237-3952.

###

07-FMN/140/QT/rl

Retournen sou Nòt pou laprès