KI KOTE: |
Jose Marti Park, 331 SW 4th Street, Little Havana
(Akoz konstriksyon k ap fèt, yo mande pou tout vizitè antre pak la nan 3yèm avni.)
Sant Medya (Bibliyotèk) Lekòl Segondè Miami Edison, 6161 NW 5th Court |
POUKISA: |
Pandan seremoni koupe-riban an Atis Xavier Cortada pral fè yon Chita tande motivasyonèl avèk plis pase 125 timoun ki soti nan pwogram apre-lekòl Pak la. Lòt aktivite yo ap enkli yon anons sou gayan konpetisyon sou redaksyon elèv ak yon sesyon Fè Lekti-pou-Mwen avèk Cortada.
Kwen pou Kominote a Fè Lekti yo se espas piblik ki (pa tradisyonèl) yo fè tounen sant pou fè lekti ki gen liv, chèz, ak zòrye. Genyen 15 kwen pou fè lekti kounye a ki sitiye nan uit kominote yo vize nan Florida City, Hialeah, Homestead, Liberty City, Little Haiti, Little Havana, Miami Gardens ak Overtown.
Lekti an Mach se yon patnè ant Lekòl Leta Miami-Dade County ak Houghton Mifflin, ki ap chèche pou l enspire timoun pou jwenn tan pou fè lekti chak jou. Li ofri yon anviwonman ki sipòtif pou lektè yo pandan li ap angaje paran yo, biznis yo, lidè kominote yo ak vedèt egzanplè yo. |