POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 Me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

E PRIM “GOVERNOR’S STERLING” ALE JWENN…
LEKÒL MWAYEN HOWARD D. MCMILLAN

MIAMI – Yo ap prezante Lekòl Mwayen Howard D. McMillan prim rechèche yo rele “Governor’s Sterling Award” pandan yon dine yo pral fè nan JW Marriott Orlando Grande Lakes vandredi 1 jen 2007.  Direktè Winston White pral asepte prim nan.

Lekòl Mwayen H.D. McMillan se youn nan sis enstitisyon ak biznis atravè Eta Florid la ki pral resevwa onè sa a.  Lè li te fin anonse resipyan yo, Gouvènè Charlie Crist te di, “Mwen santi m onore pou m felisite ak rekonèt Resipyan Prim Governor’s Sterling Award yo.”  Li te di toujou,  “Yo rekonèt demach pou resevwa prim sa a kòm youn nan metòd ki pi konplèks pou nenpòt ki òganizasyon amelyore pèfòmans li ak pou anvi genyen rezilta ki ekselan.”

Lekòl Mwayen H.D. McMillan ki sitiye nan Sidwès Miami-Dade se premye lekòl mwayen ki jwenn Prim “Governor’s Sterling” la pandan 15 zan depi li te ekziste.  Lekòl la te fè anpil pwogrè nan aprantisaj lekti, redaksyon, ak matematik twa dènye ane yo, ki te pèmèt lekòl la jwenn yon nòt “A” pou pèfòmans li nan ane 2006.

Prim “Governor’s Sterling Award” la rekonèt òganizasyon ak biznis nan Florid ki te pèfòme avèk siperyorite ki gen siksè nan manajman ak fonksyonman yo.  Chak gayan te sibi yon gwo ekzaminasyon ak evalyasyon ki te enkli yon ekip ekzaminatè ekspè ki ap revize sistèm manajman òganizasyon an ak rezilta pèfòmans òganizasyonèl li yo sou plas.

###

07-FHM/148/QT/rl

 

Retournen sou Nòt pou laprès