POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 12 oktòb 2007 

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

PREZIDAN BUSH AP REKONÈT YON ELÈV LEKÒL
“NEW WORLD SCHOOL OF THE ARTS”

POU DEVOUMAN LI NAN SÈVIS VOLONTÈ

Prezidan George W. Bush pral prezante Prim ki rele “President’s Volunteer Service” bay Elliott Knofsky McCarthy, yon elèv dènye ane nan lekòl “New World School of the Arts,” lè li vin Miami, Florid, vandredi 12 oktòb 2007.  Knofsky McCarthy se yon volontè nan “North American Federation of Temple Youth” (Federasyon Nò Ameriken Tanp Jèn) tanp Beth Sholom ak Gouvènman Asosyasyon Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County.

Knofsky McCarthy, ki gen 17 an, fè volontè kòm Vis Prezidan Zafè Relijye e Kiltirèl pou Rejyon Twopikal Sid pou “North American Federation of Temple Youth” (Federasyon Nò Ameriken Tanp Jèn) ki bay pwogram relijye e kiltirèl pou Refòm jèn Jwif de Gainesville a Miami-Dade County.  Li sèvi tou kòm yon lidè e volontè pou kamarad li yo nan Tanp Beth Sholom nan Miami Beach e depi katran li se yon konseye ak gid nan Kan Jenny, yon pwogram pou ale jwenn elèv lekòl elemantè ki toupre vil Atlanta.  Anplisdesa, Knofshy McCarthy sèvi kòm prezidan Asosyasyon Gouvènman Elèv pou Lekòl Leta Miami-Dade County e li se chèmann “the Children’s Trust Youth Advisory Council.”

Se prezidan Konsèy Sèvis Patisipasyon an ki te kreye Prim “President’s Volunteer Service” la sou direksyon Prezidan an.  Prim nan disponib pou jèn 14 an e pi ba ki fè 50 èdtan oubyen plis nan sèvis volontè; pou endividyèl 15 an oubyen pi gran ki fè 100 èdtan oubyen plis; e pou fanmi oubyen gwoup ki fè 200 èdtan oubyen plis.  Pou plis enfòmasyon sou Prim nan, silvouplè vizite www.presidentialserviceawards.gov.

###

07-JJS/200/qt/sd

Retournen sou Nòt pou laprès