POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 17 oktòb 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ONORE DEFEN MANM
KOMISYON LEKÒL, DTÈ. ROBERT B. INGRAM, AK MIZIK, MEMORYAL

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ak lòt diyitè te fè yon sèvis memoryal touchan maten an pou Manm Komisyon Konsèy, Dtè. Ingram anpil moun te admire, ki te mouri mwa pase.

Gwoup koral Lekòl Segondè Miami Carol City, Lekòl Segondè North Miami ak Lekòl Elemantè Opa-locka te chante plizyè chan, e elèv oratè te li kèk nan powèm Dtè. Ingram yo.  Antretan, manm nan kominote a te avanse pou fè elòj Dtè. Ingram oubyen pou pale de li.

Pami moun ki te pale yo te gen Sipèentandan Lekòl yo Rudy Crew, Prezidan Komisyon Konsèy Lekòl la Agustin J. Barrera, Senatè Eta a Frederica Wilson, Direktè Polis Miami-Dade Robert Parker, Prezidan Inivèsite Florida Memorial Karl S. Wright, e Majistra Opa-Locka a Joseph Kelly.

Sipèentandan Crew te di de Ingram “Se vrèman yon onè pou m siyale kominote sa a valè, prestij ak onè pou mwen te sèvi ak yon bonjan solda konsa pandan li t ap lite ak yon pakèt kantite pwoblèm.”
“5000 Role Models of Excellence” etabli yon bousdetid nan non Dtè. Ingram yo pral bay yon elèv dènye ane lekòl segondè ki merite li ki ap anwole nan yon pwogram jistis kriminèl akredite.

###

07-JJS/202/HD/SD

Retournen sou Nòt pou laprès