POU DIFIZE IMEDYATMAN
lendi 29 oktòb 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

NOUVO KÒD SOU KONDUIT ELÈV AP BAY PRIM POU BON KONDUIT

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County fèk devwale nouvo Estanda sou Konduit Elèv yo, ki pral ranplase Kòd sou Konduit Elèv ki te la a, e li pral mete yon aksan ki plis estratejik ak pozitif sou elèv ki gen konduit egzanplè yo.
            Dtè. Pablo G. Ortiz, Direktè nouvo Lekòl Mwayen Jorge Mas Canosa e ki se yon manm nouvo nan komite kòd la, te eksplike, kòd anplas, ki fèt an de pati a, elemantè ak segondè, adrese konduit negatif men li pat janm te korije move konduit. 
            Yon gwo chanjman nan nouvo kòd la, jan Ortiz te di a, se idantifye, rekonèt ak rekonpanse elèv ki gen konduit egzanplè.
            Lòt chanjman ki enpòtan enkli:

  • ajoute definisyon deskripsyon ki klè sou konduit egzanplè,
  • aliyman Valè Debaz Distri yo ak egzanp konduit egzanplè,
  • entwodiksyon konsèy pou paran yo ak sitasyon sou enspirasyon,
  • enkòporasyon ladrès manajman tan ak travay, e
  • devlopman aktivite ki gen rapò ak diferan laj

           Premye lide ki dèyè chanjman kòd la se asire elèv yo vini lekòl ak santiman yo ansekirite ki fè yo mete tout enèji yo nan aprann.  
          Pou plis enfòmasyon, kontakte biwo Fonksyonman Lekòl yo nan 305-995-4242.

###

07-JJS/214/HD/RL

Retournen sou Nòt pou laprès