|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAL PATISIPE NAN MIAMI – Pwogram Edikasyon HIV/SIDA Lekòl Leta Miami-Dade County, an kolaborasyon ak “The Urban League of Greater Miami,” pral fè yon Rasanbleman pou Jèn elèv ki prale lekòl nan zòn Liberty City vandredi 30 novanm, 8 dimaten pou 1:30 nan aprèmidi nan Sant Caleb Joseph ki nan, 5400 N.W. 22nd Ave., Miami. Yo ap kòmanse Semèn Mondyal Konsyantizasyon sou SIDA a soti 3 jiska 7 desanm. Apwoksimativman 500 elèv pral fè entè-aksyon ak lidè kominote pou diskite, imite, e patisipe nan aktivite edikasyonèl pou fè prevansyon sou pwopagasyon viris HIV. Miami-Dade County nan premye pozisyon nan Eta a ki gen plis nouvo ka HIV, li se premye nan Eta a tou ki gen anpil ka HIV nan pedyatri, e premye nan tout peyi a ki rapòte ka SIDA. Nan yon efò pou ranvèse tandans sa yo, yo vize anpil pwojè pou jèn yo ki reprezante 50 pousan nan tout nouvo ka enfeksyon HIV nan Etazini. ### 07-JJS/222/HD/SD
|