|
MIAMI – Komisyon Nasyonal pou Estanda Pwofesyonèl Pwofesè “The National Board for professional Teaching Standards” (NBPTS) anonse non 191 pwofesè nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) pami prèske 7,800 pwofesè nan tout peyi a ki reyisi nan Sètifikasyon Komisyon Nasyonal “National Board Certification”. NBPTS te voye notifikasyon pou pwofesè sa yo okòmansman novanm nan ki di yo te demontre siksè nan estanda rigoure NBPTS la te etabli pou pwofesè akonpli. NBPTS te deklare 4 desanm 2007 kòm Jounen Nasyonal Komisyon Sètifikasyon an e yo te pibliye non nouvo-sètifye NBCT yo sou paj Entènèt, www.nbpts.org. Pou reyisi Sètifikasyon Komisyon Nasyonal “National Board Certification” la, chak pwofesè dwe acheve yon pwosesis evalyasyon konpreyansif pandan yon long ane ki enkli yon pòtfolio an kat-pati avèk videyotep sou salklas la, echantiyon travay elèv, e dokimantasyon sou direksyon pwofesè a, kolaborasyon, e edikasyon pwofesyonèl kontinyèl ki akonpaye kòmantè deskritif, analitik e reflechi. Pwofesè a te dwe demontre avèk siksè konesans avanse nan domèn kontni nan yon egzamen redaksyon baze sou òdinatè an sis pati. Nan kèk ka pwofesè yo konn repran pòsyon pwosesis evalyasyon an pandan premye oubyen dezyèm ane a. Sa konn ede pwofesè yo evalye poukont yo nan ki domenn yo bezwen fè amelyorasyon epi fikse devlopman pwofesyonèl yo nan domèn sa yo pou yo kapab atenn siksè nan tout nivo. Nasyonalman, gen plis pase 60,000 NBCT. 191 nouvo NBCT nou ajoute pou ane sa a fè chif la vin 1,122 NBCT kounye a anplwaye nan M-DCPS. Distri a pral patwone yon evènman an fevriye pou selebre siksè pwofesè devwe sa yo e ki akonpli anpil. Lis M-DCPS NBCT pou ane 2007 la disponib sou Entènèt nan: http://prodev.dadeschools.net/nbpts/nbpts.asp ### 07-JJS/224/HD/RA |