POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 novanm 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

GRADYASON NAN (M-DCPS) LEKÒL LETA MIAMI-DADE
COUNTY OGMANTE

MIAMI –  To gradyasyon nan lekòl leta Miami Dade County amelyore prèske senk pousan (4.7%) de 59.2 pousan nan ane lekòl 2005-2006 a 63.9 pousan nan ane lekòl 2006-2007.  To timoun ki ap kite lekòl bonè nan Distri a, desann de 6.7 a 5.8 pousan.  Ogmantasyon sa a make premye fwa to gradyasyon M-DCPS te pi wo pase 60 pousan nan twazan.

Se Gouvènè Charlie Crist ak Komisyonè Edikasyon Jeanine Blomberg ki te fè anons chif ankourajan sa yo.  To gradyasyon ogmante nan tout Eta Florid la a 72.4 pousan pou ane 2006-07, yon ogmantasyon de 1.4 pousan konpare a to ane pase a ki te (71.0 pousan) e yon ogmantasyon total de 12.2 pousan depi ane 1998-99 ki te (60.2 pousan). Pandansetan, to pousantaj anyèl elèv ki kite lekòl segondè nan Florid diminye depi ane pase, a 0.2 pwen pousantaj a 3.3 pousan, yon diminisyon de 2.1 depi ane 1998-99. 

To gradyasyon ane sa a pi wo depi Florida te anplwaye nouvo metòd, koleksyon done ki pi presi pandan ane lekòl 1998-99 la. To gradyasyon pou elèv Ameriken Nwa ak Panyòl montre pi gwo ogmantasyon ane sa a, yo ogmante de 1.8 e 2.3 pousan, respektivman.

###

07-FHM/225/QT/sd

Retournen sou Nòt pou laprès