|
MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County gen de (2) nan lekòl li yo ki sekirize plas yo nan lis “U.S. News & World Report’s” pami 100 Meday Lò Lekòl Segondè ki pibliye semèn sa a. Lekòl Segondè Design & Architecture avèk New World School of the Arts sou lis meyè 100 lekòl segondè nan Etazini. Gen sèt lòt lekòl segondè magazin nan onore tou. Pami yo nou jwenn:
Yo itilize yon fòmil K-12 rechèch done ak analiz biznis “Standard & Poor’s” ap dirije, magazin nan mete lekòl segondè nan 40 eta atravè yon analiz an twa etap. Premyèman, li mezire kòman elèv nan chak lekòl pèfòme nan tès eta a bay, yo ajiste li selon sikonstans elèv la. Apresa, li evalye kòman elèv dezavantaje yo pèfòme nan chak lekòl sa yo. E twazyèman, li tcheke pou wè si lekòl la fè siksè nan bay kou nan nivo kolèj. 100 lekòl ki fè pi byen nan analiz sa yo gayan yon meday lò. ### 07-JJS/226/QT/SD
|