|
PWOGRAM M-DCPS SUPI RESEVWA YON EVALYASYON EKSEPSYONÈL Miami - Pwogram M-DCPS “Superintendent’s Urban Principal Initiative (SUPI),” (Inisyativ Sipèentandan pou Direktè Lekòl ki nan Vil yo) ki kòmanse an 2005 nan kolaborasyon avèk “The Education Fund,” (Fon pou Edikasyon) “The Council for Educational Change,” (Konsèy pou Chanjman nan Edikasyon) “The Miami Museum Science and WestEd,” (Mize Miami pou Syans ak WestEd) te resevwa merit li kòm yon pwogram devlopman pwofesyonèl egzanplè nan yon rapò evalyasyon Fondasyon Wachovia ak pwogram li ki rele “Teachers and Teaching Initiatives (TTI)” (Pwofesè ak Inisyativ Ansèyman) te prepare.Evalyasyon an konpare SUPI avèk lòt lidè pwogram devlopman yo rekonèt nan tout peyi a tankou “New York City Leadership Academy,” (Akademi Vil New York pou Prepare Lidè) “New Leaders for New Schools”, (Nouvo Lidè pou Nouvo Lekòl) ak “Georgia Leadership Institute for School Improvement” (Enstiti Georgia pou Prepare Lidè pou Amelyorasyon Lekòl). Gwoup evalyasyon Wachovia TTI la, an patikilye, analize rezilta ak tandans atravè tout pwogram yo, evalye kontni pwogram, metòd aprantisaj ak pwogrè patisipan yo pandan l ap mezire rezilta yo nan sèt kategori ki gen ladan lidè enstriksyonèl, planifikasyon ak evalyasyon, kilti lekòl ak angajman paran. Yo fè evalyasyon an pou analize rezilta ki akimile atravè gwoup yo, idantifye pi bon pratik ak apwòch ki bay rannman nan devlope kapasite pou dirije lekòl. Te gen yon vizit ki te fèt nan lokal yo avèk chak benefisyè e, nan majorite ka yo, yo te kolekte done kalitatif ak kantitatif nan pwogram ki konsène yo. Plis pase 163 patisipan, anplwaye pwogram nan ak obsèvatè distri a te pataje eksperyans yo atravè entèvyou oubyen gwoup travay ki reprezante tout nèf òganizasyon ki nan gwoup la. Konklizyon rapò evalyasyon an montre SUPI satisfè e menm depase gwoup lidè yo nan tout rezilta. Yo remake tou nan rapò SUPI pote yon kantite eksperyans aprantisaj ki pèmèt patisipan yo pote plis lide estratejik sou inisyativ pou devlope kapasite pou dirije atravè lekòl yo. ### 07-JSS/228/qt/cm |