POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 avril 2008
 

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

YO NONMEN YON ASISTAN DIREKTÈ LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
KÒM MEYÈ ASISTAN DIREKTÈ NAN PEYI A

MIAMI – Asosyasyon Nasyonal Direktè Lekòl Segondè nonmen Hilca Thomas, Meyè Asistan Direktè Nasyonal pou ane 2008 la.  Hilca Thomas se asistan direktè Lekòl Mwayen Howard A. Doolin nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS).  Kòlèg Thomas yo dekri li kòm “yon dam ki gen vizyon,” yo onore li ak prim nasyonal prestijye sa a pou travay li nan motive elèv ak anseyan yo pou yo toujou ap aprann pou tout rès vi yo.

Kòm yon asistan direktè nan Lekòl Mwayen Doolin depi ane 2000, Thomas montre bonjan kalite dirijan nan kolekte e analize enfòmasyon sou evalyasyon elèv yo pou idantifye feblès yon elèv e asiste pwofesè yo pou adapte enstriksyon jan li dwe ye a. Thomas fè kolaborasyon li ak anseyan lekòl la, paran ak elèv yo, poto mitan nan direksyon li.  Sipèentandan M-DCPS Rejyon V Janet Hupp di “youn nan kapasite eksepsyonèl Thomas se abilite li genyen pou kominike e motive tout moun ki enterese.”  Direktè Lekòl Mwayen Doolin nan Eduardo Tillet kwè travay di Thomas ak kapasite pou li dirije ede chanje nòt yo te bay lekòl la ki te yon “C” pou yon “A” nan ane 2006.

An oktòb 2007, Thomas te pami yon gwoup direktè ak asistans direktè ki te ranpòte senk nan sis Prim Eksepsyonèl Lidè Depatman Edikasyon Florid yo te bay.

Yo pral onore Thomas ofisyèlman kòm Meyè Asistan Direktè Nasyonal pou ane sa a nan yon evènman “black-tie” (teni pwotokolè) nan Washington, D.C. 19 avril.  Prim nan gen ladan yon chèk $5,000 Thomas kab itilize nan lekòl li a oubyen pou devlopman pwofesyonèl.

###

08/JJS/281/OB/SD

 

Retournen sou Nòt pou laprès