|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 avril 2008 |
KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063 |
YO NONMEN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY FINALIS
“BROAD PRIZE” TWAZYÈM ANE YOUN APRE LÒT
MIAMI–Yo nonmen Lekòl Leta Miami-Dade County finalis “Broad Prize,” yon prim anyèl $1 milyon ki onore distri lekòl ki nan gran vil e ki fè pi gran pwogrè nan leve nivo reyalizasyon elèv. Sa fè twazyèm ane youn apre lòt yo nonmen M-DCPS finalis pou prim sa a.
“Broad Prize” pou Edikasyon nan gran vil onore distri lekòl ki demontre pi gran pèfòmans jeneral ak amelyorasyon nan reyalizasyon elèv pandan l ap redui eka ki gen nan mitan gwoup etnik yo ak nan mitan elèv ki nan fanmi ki fè anpil lajan ak sa ki pa fè anpil lajan.
Pami rezon ki fè yo chwazi Miami-Dade kòm finalis “Broad Prize” nou jwenn:
Nan ane 2007:
-
Selon metodoloji Board Prize la, elèv Afriken-Ameriken ak Ispanik ki nan fanmi ki pa fè anpil lajan depase pèfòmans kamarad yo ki nan distri Florid k ap sèvi elèv ki nan menm sitiyasyon ekonomik. Elèv Afriken-Ameriken depase pèfòmans kamarad yo nan lekti nan tout nivo eskolè (lekòl elemantè, mwayen ak segondè) e nan matematik nan lekòl mwayen ak segondè. Elèv Ispanik yo depase pèfòmans kamarad yo nan lekti ak matematik nan tout nivo eskolè. Elèv ki nan fanmi ki pa fè anpil lajan depase pèfòmans kamarad yo nan lekti ak matematik nan lekòl mwayen ak segondè.
-
Elèv Ispanik Miami-Dade yo reyalize pi gwo pousantaj pèfomans an mwayèn pase elèv ki nan menm nivo avèk yo nan eta a nan lekti ak matematik nan tout nivo.
Ant ane 2004 ak 2007:
- Miami-Dade fè pi vit pase eta a nan ogmante pousantaj tout elèv ki atenn yon metriz nan lekti ak matematik nan tout ane eskolè yo.
- Miami-Dade redui reyalizasyon ant elèv Ispanik ak elèv blan ki nan distri a nan lekti ak matematik nan tout ane eskolè yo.
- Miami-Dade fè pi vit pase eta a nan redui reyalizasyon ant elèv ki nan fanmi ki pa fè anpil lajan ak kamarad yo ki nan fanmi ki fè anpil lajan nan tout ane eskolè yo pou lekti ak matematik nan lekòl elemantè ak mwayen.
- Pousantaj patisipasyon nan egzamen SAT, ACT ak kou avanse pou elèv Afriken-Ameriken ak Ispanik yo ogmante.
Gayan “Broad Prize,” y ap anonse madi 14 oktòb nan Mize Ar Modèn nan Vil New York la, ap resevwa $500,000 bousdetid pou elèv lekòl segondè ki ap diplome. Chak nan kat distri finalis yo ap resevwa $125,000 bousdetid.Pami lòt finalis ane sa a, genyen Distri Lekòl Endepandan Aldine, toupre Houston; Lekòl Leta Broward County, Florid; Distri Lekòl Endepandan Brownsville, nan fwontyè Texas-Mexico; ak Distri Lekòl Inifye Long Beach, California.
###
08-JJS/282/CM
Retournen sou Nòt pou laprès |