Ekspozisyon Elèv la se yon aktivite familyal gratis ki pral bay fanmi yo yon opòtinite pou yo gade pèfòmans elèv yo, mache atravè yon galeri ar elèv, aprann sou pwogram espesyal yo bay nan lekòl yo ki lokalize anndan vil Miami Beach, patisipe nan atelye enfòmasyon sou Pwogram Bakaloreya Entènasyonal e vin amize yo avèk lòt fanmi nan aktivite kreyasyon atistik ak rakonte istwa.
Se Akò Edikasyon Vil Miami Beach ki pote Ekspozisyon Elèv la bay kominote a avèk entansyon pou l bay fanmi ki nan vil Miami Beach yo enfòmasyon enpòtan konsènan lekòl leta yo nan yon anviwònman familyal pozitif.
|