POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 fevriye 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV M-DCPS GENYEN PREMYE PLAS NAN DE KONPETISYON: FINAL “ODYSSEY OF THE MIND” ETA A, FINAL NASYONAL “OCEAN SCIENCE BOWL”

MIAMI – Nèf lekòl leta Miami-Dade te genyen premye plas nan konpetisyon rejyonal “Odyssey of the Mind,” samdi dènye, e sa ap pèmèt yo jwenn plas yo nan final eta yo Orlando 3 ak 4 avril.

Nèf lekòl finalis pou final “Odyssey of the Mind” la se:

  • Lekòl Elemantè Phyllis R. Miller
  • Sant K-8 Devon Aire
  • Keys Gate Charter
  • Lekòl Mwayen José Martí
  • Lekòl Segondè Miami Springs
  • Lekòl Elemantè Palmetto
  • Sant K-8 David Lawrence
  • Lekòl Mwayen Homestead
  • Lekòl Segondè Coral Reef

“Odyssey of the Mind” se yon pwogram edikasyonèl entènasyonal ki ofri elèv soti nan klas jadendanfan rive nan kolèj opòtinite kreyatif pou rezoud pwoblèm.  Manm ekip yo fè kreyativite yo travay pou rezoud pwoblèm depi nan fè aparèy mekanik, pou rive prezante pwòp entèpretasyon yo sou klasik literè yo.  Apresa, yo pote solisyon yo nan konpetisyon nan nivo lokal, eta a, ak mondyal.  Plizyè milye ekip ki soti atravè Etazini ak nan 25 lòt peyi konsa patisipe nan pwogram nan.

Nan yon diferan konpetisyon, Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes te genyen premye plas nan Final “National Ocean Science Bowl (NOSB),” ki te fèt tou samdi dènye nan Key Biscayne, e se Lekòl Maritim ak Syans Atmosferik Rosenstiel Inivèsite Miami ki te prezante li.  Se premye fwa ekip Hialeah-Miami Lakes (HML) prale nan final nasyonal yo.

Chak fevriye, yo fè konpetisyon rejyonal nan 25 andwa atravè peyi a.  Ekip 4 a 5 elèv teste konesans yo nan domèn syans ak teknik nan bay repons vit dapre yon siyal e plis kesyon difisil ak konplèks pou ekip la.  Yo bay chak ekip ki genyen nan 25 konpetisyon rejyonal yo transpòtasyon ak lojman pou yo ka kontinye al nan final yo.

NOSB a se yon konpetisyon akademik lekòl segondè yo rekonèt nan tout peyi a e yo aklame anpil, ki ofri yon fowòm pou elèv ki gen talan teste konesans yo nan syans maritim tankou byoloji, chimi, fizik, ak gewoloji.  Yo te fonde NOSB nan ane 1998 pou onore Ane Entènasyonal sou Lanmè.  Depi fondasyon li, konpetisyon an grandi jis li rive genyen 300 lekòl ak plis pase 2,000 elèv ki patisipe ladan chak ane.

Pou plis enfòmasyon sou “Odyssey of the Mind,” kontakte Direktè Rejyon Twopik la Juan Salinas nan 305-265-3737.  Pou enfòmasyon sou NOSB a, kontakte responsab ekip HML la Kirk Nieveen nan 305-823-1330.

###

09-JJS/390/HD/rl

 

Retounen sou Nòt pou Laprès