|
EVÈNMAN MARATON POU EDE NÈF LEKÒL M-DCPS Y ap fè yon resepsyon maraton pou ede nèf Lekòl Leta Miami-Dade County madi 24 mas nan Doubletree Grand Hotel ki nan 1717 N. Bayshore Drive, kòmanse 6:30 - 8:30 diswa. Yo pwograme pou se Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ki oratè prensipal la. Evènman an pral gen ladan yon vant ozanchè silansye ki ap gen ladan vant siyati yon kantite limite nounous atis selèb Brezilyen Romero Britto kreye. Tout resèt la pral jwenn “Foundation for New Education Initiatives, Inc.,” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ Lekòl) ki pral ede Lekòl Leta Miami-Dade County. Se Doubletree Grand Hotel Biscayne Bay, the Double Grand Lounge, ak Tony Chan’s Water Club ki ap patwone evènman an. ### 09-JJS/416/VVL/SD
|