|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 14 me 2009 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
NAN JOUNEN KARYÈ A PILÒT BARRINGTON IRVING KI FÈ LISTWA DI ELÈV YO POU YO VIV RÈV YO
Kòm yon elèv lekòl segondè nan Miami Northwestern Senior, Barrington Irving te yon vedèt foutbòl kote yo te ofri l yon bous etid konplè pou Inivèsite Florida. Men yon jou, yon mesye apwoche l nan yon magazen e li mande l si l te janm panse pou l ta vin yon pilòt. Kesyon pwofetik sa a te fè Irving ki fèt Jamayik konsidere posiblite yo.
Irving te di yon oditoryòm ki chaje ak elèv antouzyas nan Toussaint Louverture “Premye bagay mwen te di se, ‘Mwen pa entèlijan ase pou m pilote yon avyon!’” Men li te dispoze pou l eksplore e aprann yon bagay diferan. Li pa te pran bous etid la e li pa janm gade dèyè.
Rezilta sa bay sèke Irving te vin fè listwa nan depase vitès ki etabli a an sèt fwa e li te vin youn nan pilòt ki pi jèn e premye pilòt nwa ki vole toutotou mond lan poukont li. Irving ki gen 26 an te di timoun yo ak konviksyon “aplike tèt ou e fè sa pwofesè w yo di ou.”
Irving te amize elèv yo ak istwa li te rakonte yo ekla apre ekla sou vòl fame sa a, e li te pataje kèk istwa amizan sou gwo arenyen sab an Ejip e aterisaj sou yon teren jele ki mezire apeprè yon kilomèt nan yon zile Alaska. Pilòt fame a te fè elèv yo fè yon jwèt fi kont gason sou istwa li te fèk rakonte yo.
Jiyè dènye, Irving te kolabore ak Lekòl Leta Miami-Dade County pou l prezante elèv Lekòl Aviyasyon George T. Baker yo pwojè dinamik li a “Build and Soar” (Konstwi e Vole). Pwojè a te konekte edikasyon ak endistri pou bay elèv yo opòtinite pou aprann sou baz pwojè. Eksperyans la te fini ak elèv Baker yo ki te bati yon avyon depi nan kòmansman jis li rive vole, kote Irving te pilote l twa mwa pita.
Pandan li t ap pale ak elèv 2yèm rive 5yèm ane eskolè Toussaint Louverture yo, Irving te motive yo pou yo etidye ak eksplore lòt bagay nan lavi. Li te di yo, “Li difisil pou fè anpil bagay, men fò w gen objektif epi fò w gen rèv.”
###
Atachman foto:

Kaptèn Barrington Irving, nan mitan, avèk elèv nan Lekòl Elemantè Toussaint Louverture.
Retounen sou Nòt pou Laprès |