POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 2 jen 2009

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PWOGRAM ETE 2009 “VOLUNTARY PRE-KINDERGARTEN (VPK)"

Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè enskripsyon pou Pwogram Ete 2009 “Voluntary Pre-Kindergarten (VPK)” (Klas Matènèl Volontè) nan twa diferan kote soti lendi 1ye jen rive jedi 18 jen soti 3:30 nan aprèmidi rive 5è nan aprèmidi.

Paran dwe prezante yon “Certificate of Eligibility (COE)” (Sètifika Elijiblite), ki verifye pitit yo a te gen katran 1ye septanm 2008 oubyen anvan sa.  Pou yo ka jwenn yon COE, paran dwe rele Liy Referal Sèvis Devlopman Timoun nan 305-373-3521 oubyen vizite www.vpkhelp.org.

Andwa pou anrejistre k ap suiv yo ap pran elèv pandan pwogram ete a, ki ap fèt 9 jen rive 4 out:

Colonel Zubkoff Comprehensive Center
55 N.W.199 St.
Miami, 33169

Bethune Enrichment Center
2900 N.W. 43rd Terr.
Miami, 33142

Isaac A. Withers Enrichment Center
21300 S.W. 122nd Ave.
Goulds, 33170

Nimewo Enfòmasyon Pwogram Ete VPK M-DCPS la se 305-995-PREK (7735).

###

09-JJS/465/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès