POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 me 2011       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ SEREMONI KÒMANSMAN
KONSTRIKSYON MAST @ HOMESTEAD, 24 ME

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl, ak reprezantan Rejyon V, Betancourt Castellon “Associates” ak Zyscovich, Inc.
KISA:

Seremoni Kòmansman Konstriksyon pou Lekòl Segondè  “Medical Academy for Science & Technology (MAST @ Homestead)” (Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji)

KILÈ: 

Madi 24 me 2011
10è dimaten

KI KOTE: 

1220 N.W. 1st Avenue
Homestead, FL 33030

POUKISA:

Nouvo etablisman edikasyonèl dènye kri sa a, ki lokalize nan ansyen Lopital James Archer Smith nan Homestead, pral gen apwoksimativman 820 kazye elèv.  Etablisman an pral ofri branch edikasyonèl pou elèv ki vle pousuiv domèn famasetik, terapi fizik ak biyomedikal. Chak branch ap gen pwòp laboratwa yo, ki pral ogmante ak laboratwa syans e salklas adisyonèl.  Apre demolisyon, y ap remodle enteryè premye ak dezyèm etaj yo. Y ap bloke twazyèm etaj la e y ap itilize li pou fiti agrandisman.

MAST @ Homestead pral premye akademi medikal nan lokalite zòn sid Miami-Dade, dezyèm Lekòl Segondè Magnèt Medikal nan eta a e youn nan sèlman yon ti ponyen      nan peyi a.

KONTAKTE:
Gshovlin@dadeschools.net oubyen 305-995-4827

# # #

11-JS/077/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès