POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1ye may 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL SEGONDÈ DTÈ. MICHAEL KROP KREYE TRADISYON EKSELANS 

Lekòl Segondè Dtè. Michael M. Krop se yon lekòl segondè konpreyansif yo fè pou ofri yon pwogram akademik rijid pandan l ap ofri opòtinite pou elèv patisipe nan plizyè aktivite andeyò salklas, pou eksele nan atletik, e pou briye atravè magnèt pèfòmans ar li a, Akademi “STAR”.

Pwofesè, anplwaye, ak elèv Lekòl Segondè Krop, yo te fonde 10 an desa a, kreye yon tradisyon ekselans ki enspire siksè nan tout aspè lekòl la.  Li evidan nan nòt “A” Depatman Edikasyon eta a te bay lekòl la resamman e atravè prim ak rekonesans elèv ak pwofesè yo resevwa.

Atravè 10 dènye ane yo, elèv nan Lekòl Segondè Krop rasanble prèske $80 milyon bous kolèj, ki gen ladan plizyè gayan bous “Coca Cola”, yo genyen plizyè chanpyona atletik ak akademik, ki gen ladan kat Chanpyona Eta a nan Tenis Ti Fi ak Ti Gason, nòt siperyè nan pèfòmans Distri a e atravè tout eta a, ak 65 Prim “Silver Night” (30 gayan ak 35 mansyon onorab). 

Pousantaj gradyasyon Lekòl la pami pousantaj ki pi wo nan konte a avèk 86 pousan elèv dènye ane ki gradye e pami yo, 98 pousan di yo prale nan inivèsite pou dezan oubyen katran.  Chak ane, yo aksepte meyè elèv dènye ane ki gradye nan lekòl la nan pi gwo inivèsite ak lekòl “Ivy League” (asosyasyon uit pi gwo inivèsite ak kolèj nan nodès Etazini) yo.  

Plizyè lòt gran liy genyen ladan:
•  Klase nan 6yèm plas nasyonalman pou patisipasyon e depase nivo elèv Ispanik ki antre nan kou Plasman Avanse
•  Youn nan twa ti Finalis pou Bous Prezidansyèl pou Miami-Dade County
•  Kat Etidyan Merit Nasyonal
•  De nan 10 ti Finalis “Papa Johns” yo
•  Twa nan senk Reprezantan Miami-Dade pou Fwa Entènasyonal Syans ak Jeni
•  Sèt elèv ki kalifye pou Konpetisyon Deba Nasyonal Asosyasyon Legal Nasyonal
•  Parèt nan revi ak jounal  literè yo rekonèt nasyonalman
•  Nòt siperyè nan konpetisyon mizik Distri ak eta a pou Òkès Enstriman Akòd, Gwoup Djaz, ak Gwoup Enstriman ak Van
•  Onè Gwoup Mizikal Enstriman ak Van Nasyonal Gwoup Mizikal Nasyonal Etazini rekonèt li kòm youn                              nan meyè pwogram enstrimantal nan Eta Florid.
•  Patisipe nan chanpyona Distri nan Foutbòl, Baskètbòl Ti Fi, Tenis Ti Fi, Tenis Ti Gason ak “Water         Polo” (Espò nan Dlo) Ti Fi
•  Patisipe nan chanpyona Rejyonal nan Baskètbòl Ti Fi, Tenis Ti Fi, ak Tenis Ti Gason
•  Patisipe nan chanpyona GMAC “Water Polo” Ti Fi, Baskètbòl Ti Fi, Tenis Ti Fi
•  Konpetitè Eta a nan Baskètbòl Ti Fi, Tenis, Natasyon, “Wrestling”, “Bowling”, ak Koral
•  Chanpyon Eta a nan Tenis Ti Fi
•  Dezyèm plas Ekip Similasyon Jijman
•  Prim Wobo ki pi Inovativ
•  Seleksyon de elèv pou debat ka legal devan Twazyèm Tribinal Apèl Distri
•  Resepsyon plis pase 600 aplikasyon pou Akademi Magnèt STAR
•  De resipyan “Gold Key” Nasyonal nan Seramik ak ar
•  De nan 200 gayan Rejyonal “Coca Cola” sou yon total 83,000 aplikan atravè peyi a.

Pou plis enfòmasyon kontakte Dawn M. Baglos, Direktris, Lekòl Segondè Dtè. Michael M. Krop, 305-652-6808.

 

###

12-JS/357/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès