POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 16 oktòb 2012      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI OSPITALITE AK TOURIS NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH, LOEWS MIAMI BEACH HOTEL SELEBRE 20 ANE PATENARYA

Resamman Loews Miami Beach Hotel rekonèt patenarya li avèk “Miami Beach High School’s Academy of Hospitality and Tourism (AOHT)” (Akademi Ospitalite ak Touris Lekòl Segondè Miami Beach) nan onore plizyè gradye pwogram nan ki ap travay nan otèl la kounye a.

Kolaborasyon ant biznis ak edikasyon gen anpil siksè nan devlope jèn pwofesyonèl pou endistri Ospitalite ak Touris la, ki se youn nan sèt endistri yo vize pou pwogrè anba “One Community One Goal Initiative” (Inisyativ Yon Kominote Yon Objektif).  Konbinezon aprann pandan y ap travay nan pwogram nan kòmanse ak eksplorasyon karyè e li vin debouche avèk yon estaj pandan ete a aprè twazyèm ane lekòl segondè.

Loews fè patenarya avèk Akademi Ospitalite ak Touris depi lè yo te plase pwogram sa a, nan Lekòl Segondè Miami Beach avèk Dtè. Lupe Ferran Diaz, ki se direktè Chwa Lekòl ak Opsyon Paran kounye a, asiste ak Pwofesè Anchaj kounye a Akademi a, Patricia Gregory.

Loews anplwaye sèz elèv aktyèl oubyen ansyen Miami Beach, kòmanse depi nan gradyasyon klas 1997 la jis rive nan ane sa a.  Travay gradye yo klase depi nan pozisyon nivo ba nan karyè tankou konsyèj pisin rive nan pozisyon jesyon nan antretyen, jesyon konferans, rezèvasyon ak vant.

The “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) se yon rezo akademi karyè nasyonal pou sipòte devlopman jèn ann Amerik atravè siksè pèsonèl e pwofesyonèl nan lekòl segondè, edikasyon siperyè e jiska rès karyè yo.

Anba patwonaj Chwa Lekòl ak Opsyon Paran, Leta Lekòl Miami-Dade, gen 48 pwogram NAF nan 25 lekòl segondè ki anglobe tèm karyè Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmasyon Teknoloji, Jeni ak Syans Sante.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram AOHT nan Lekòl Segondè Miami Beach, kontakte Patricia Gregory, Pwofesè Anchaj, nan pgregory@dadeschools.net.  Pou enfòmasyon sou pwogram NAF nan Lekòl Leta Miami-Dade County, kontakte Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305-995-1922 oubyen choice.dadeschools.net.

 

NÒT EDITÈ A: ATACHMAN FOTO

 

Sean Clancy, manadjè Loews Miami Beach Hotel, ap pataje istwa ansyen elèv Akademi Ospitalite ak Touris.

 

###

12-JJS/508/DF/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès