POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 janvye 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SENK LIDÈ LEKÒL M-DCPS PAMI DIREKTÈ ELIT FLORID

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl, administratè distri lekòl, direktè, pwofesè, paran, ak elèv
KISA:

Prim Direktè Elit “Florida TaxWatch”
Senk direktè M-DCPS pami sis premye direktè lekòl segondè ki andanje nan Florid

KILÈ: 

Madi 7 janvye 2014            
2è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Westland Hialeah Senior High School, Media Center
4000 West 18th Avenue
Hialeah, Florida 33012

POUKISA:

Sant Florida TaxWatch pou Pèfòmans Edikasyonèl e Responsablite ak Enstiti Sistèm pou Aprann nan Inivèsite Eta Florid resamman anonse senk direktè nan Lekòl Leta Miami-Dade County pami premye sis direktè lekòl segondè ki ap pèfòme byen nan lekòl segondè Florid ki nan gwo danje. Yo ap onore direktè yo baze sou analiz pwogrè elèv yo akonpli nan lekti ak matematik. Prim Direktè Elit la se sèl onè Florid yo bay moun ki depase atant nan pwogrè elèv ki andanje fè nan aprann nan lekòl segondè ki andanje.  

# # #

14-JJS/001/TTR/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès