POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 jiyè 2014     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOGRAM ESTAJ ETE M-DCPS LA POU RESEVWA CHÈK $100,000 NAN MEN JPMORGAN CHASE & CO.

JPMorgan Chase & Co. prezante Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yon chèk $100,000 pou yo agrandi pwogram estaj ete  “NAF (National Academy Foundation)” ( Fondasyon Akademi Nasyonal) sistèm  lekòl la. Envèstisman an ki soti nan men JPMorgan Chase pral ede agrandi pwogram nan pou 500 elèv ane sa a – ki se pi gwo klas estaj Distri a genyen Jodi a.  Estajè yo ap gen opòtinite pou yo fè eksperyans pratik nan pi gwo endistri yo, resevwa kredi kolèj, ajoute sou rezime yo, e jwenn aksè ak moun ki ankadre yo e gide yo..

Elèv sa yo ap gen opòtinite pou yo resevwa kredi kolèj e jwenn ladrès nan men pi gwo endistri ki ap devlope ki gen ladan transpòtasyon, teknoloji ak swensante.  Estaj la ouvè pou elèv ki patisipe nan pwogram akademi karyè NAF tankouJeni, Teknoloji-Enfòmatik, Ospitalite ak Touristik oubyen Syans Sante.

(Adwat mitan) Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl yo Perla Tabares Hantman ak Manm Carlos Curbelo, Dtè. Marta Perez, Raquel Regalado, Dtè. Martin Karp ak Dtè. Wilbert “Tee” Holloway mete ansanm ak reprezantan JPMorgan Chase ak Lidè Mache Sid Florid Guillermo Castillo ki vini ak yon chèk $100,000 pou pwogram estaj ete NAF Distri a.

 

###

14-JS/001/HD/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès