POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 janvye 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SENK LIDÈ LEKÒL M-DCPS PAMI DIREKTÈ ELIT FLORID

Jodi a Sant “Florida TaxWatch” pou Pèfòmans Edikasyonèl e Responsablite ak “Learning Systems Institute (LSI)” (Enstiti Sistèm pou Aprann) nan Inivèsite Eta Florid anonse senk direktè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pami sis premye direktè nan lekòl segondè Florid ki nan gwo danje. Yo ap onore direktè yo kòm moun ki resevwa Prim inogiral Direktè Elit “Florida TaxWatch” la. Yo te chwazi direktè yo baze sou analiz pwogrè elèv yo akonpli nan lekti ak matematik nan lekòl segondè ki nan gwo danje.

Senk lidè lekòl M-DCPS ki te sèvi kòm direktè pandan peryòd analiz la gen ladan: Tangela Goa, Lekòl Elemantè Van E. Blanton; Dtè. Linda Amica-Roberts, Akademi K-8 Coconut Palm; Anna Hernandez, Sant K-8 M.A. Milam; Guillermo Muñoz, Lekòl Segondè Westland Hialeah, ak Dtè. Verena Cabrera, Lekòl Segondè Hialeah. Twa nan lekòl yo gen nouvo direktè ane sa a: Dtè. Carmen Jones-Carey, Akademi K-8 Coconut Palm; Giovanna M. Blanco, Lekòl Segondè Westland Hialeah, ak Heriberto Sanchez, Lekòl Segondè Hialeah.
 
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto Carvalho, di “Mwen fyè anpil pou m fè n konnen senk nan direktè ki pi efikas ane sa a soti nan distri lekòl Miami-Dade la… Anpil nan direktè distri nou an konfwonte defi ki difisil, men kèlkeswa jan siksè ka parèt enpwobab, yo toujou ap lite pou elèv jwenn siksè… Se yon onè pou tout distri nou an pou wè travay di yo jwenn rekonpans.”

Pou elijib pou Prim Elit Direktè a, kandida yo dwe nan lekòl yo pou yon minimòm twazan pou asire règ yo te fè efè. Yo te analize done ki soti nan Depatman Edikasyon pou detèmine direktè ki genyen yo. Yo ap enkòpore direktè yo nan yon etid pwolonje pou senkan, Enstiti Sistèm pou Aprann nan ap fè, pou idantifye wòl yon direktè nan rekrite, kenbe e devlope pwofesè ki ekselan. Prim Direktè Elit la se sèl onè Florid yo bay moun ki depase atant nan pwogrè aprantisaj elèv ki andanje nan lekòl segondè ki nan gwo danje.   

###

14-JS/002/TTR/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès