POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 jiyè 2014     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV EDIKASYON KARYÈ AK TEKNIK LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS YO EKSELE
NAN FINAL LIG STEM NASYONAL

Elèv matematik ak syans nan “Career and Technical Education (CTE)” (Edikasyon Karyè ak Teknik) “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki soti nan Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA ak Lekòl Segondè Miami Springs te pami ekip Lig STEM Nasyonal “Ten80” ki pi motive nan peyi a pou fè konpetisyon nan final nasyonal yo resamman.

Trann sis ekip nan tout peyi a te fè wotasyon nan motè machin kous modèl telekòmande ak veyikil wobo, e yo te prezante bay jij yo tou pwojè jeni green inovatif ak desen maketing ekip kous yo.

TERRA te ranpòte dezyèm plas nan kategori jeneral gran chanpyon an. Yo te prezante twofe ak prim kach bay toude lekòl yo nan lòt kategori, ki gen ladan:

  1.   Pwojè Jeni: Miami Springs – 1ye plas; TERRA – 2yèm plas
  2.   Prezantasyon Ekip: Miami Springs – 1ye plas; TERRA – 3yèm plas
  3.   Desen Grafik: Miami Springs – 1ye plas

Yo te angaje apwoksimativman 200 elèv gason ak fi, nan nèf lekòl Miami-Dade atravè ane lekòl la nan konpetisyon jeni Ten80 ki baze sou Entènèt ak de evènman rejyonal an dirèk nan Kous Otomobil Homestead-Miami. Pwofesè Otomobil CTE, Jeni, ak Enfòmatik te travay ansanm avèk pwofesè matematik ak syans pou antrene ekip nan lekòl ki ap suiv yo: TERRA, Miami Springs Senior, Carol City Senior, Miami Central Senior, Miami Northwestern Senior, South Dade Senior, Robert Morgan Educational Center ak Jose Marti MAST Academy (ekip lekòl mwayen.)

Pou plis enfòmasyon sou “National STEM League Ten80 NASCAR” ak plizyè lòt inisyativ STEM M-DCPS, ale nan: http://stem.dadeschools.net/Initiatives.html

###

14-JS/003/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès