POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 janvye 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN YON ELÈV LEKÒL SEGONDÈ KROP KÒM SEMIFINALIS INTEL STS

Resamman, yo nonmen Jaime Odzer, yon elèv nan Lekòl Segondè Michael Krop kòm youn nan 300 semifinalis “Intel Science Talent Search (Intel STS)” (Rechèch Talan Syans ‘Intel’).  Yo te chwazi  semifinalis yo pami plis pase 1,700 patisipan ki soti nan 489 lekòl segondè nan tout peyi a ak sèt lekòl ki nan lòt peyi.  Kòm yon semifinalis, Jaime resevwa yon prim $1,000 pou rechèch li nan Fondasyon Intel   e tou Lekòl Segondè Krop resevwa $1,000 y ap itilize pou syans, matematik, ak edikasyon sou jeni. 

Intel STS se yon pwogram “Society for Science & the Public” (Sosyete pou Syans ak Piblik la) e li se konpetisyon syans pre-kolèj ki pi ansyen e pi prestijye.  Ansyen elèv Intel STS fè gwo kontribisyon nan domèn syans e pami yo genyen gayan Pri Nobel ak Meday Nasyonal Syans.

Yo ap seleksyone yon gwoup 40 finalis nan gwoup semifinalis yo e yo prale Washington an mas pou yo pase devan yon dènye jiri e pou yo antre nan konpetisyon pou premye prim $100,000 a.              

###

14-JJS/004/VVL/CM    

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès