POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 11 jiyè 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PLIS LEKÒL M-DCPS RESEVWA NÒT PÈFÒMANS ‘A’ KONPARE AK ETA A, AK LÒT GWO DISTRI

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho anonse jodi a 43 pousan lekòl elemantè, K-8 ak mwayen “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa yon Nòt Pèfòmans Lekòl “A,” pandan sèlman senk pousan resevwa yon “F,” selon enfòmasyon ki soti jodi a nan “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid).   

Rapò a montre tou gen pi gwo pousantaj lekòl M-DCPS ki resevwa Nòt Pèfòmans Lekòl “A”  konpare a eta a ak lòt gwo distri.

Pousantaj lekòl ki resevwa Nòt Pèfòmans Lekòl “A” ogmante nan M-DCPS de uit pwen pousantaj, ki depase eta a ak gwo distri, ki gen ladan Broward, Duval ak Palm Beach.   

Amelyorasyon sa yo te fèt malgre kantite egzajere Elèv ki ap Aprann Anglè ak konsantrasyon  elèv defavorize nan M-DCPS.

Yo enfòmatize Nòt Pèfòmans Lekòl 2013-2014 yo nan itilize rezilta FCAT 2.0 pou Lekti, Matematik, Syans, ak Redaksyon; ak egzamen fen-kou yo.  Nòt yo pibliye jodi a gen ladan pwen chak lekòl nan Florid fè nan konpozan “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid).   

###

14-JS/005/HD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès