POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 13 janvye 2014 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PHILLIPPE COUSTEAU, BARRINGTON IRVING PRAL PALE NAN EKSPOZISYON STEM 2014 M-DCPS LA NAN KANPOUS NÒ KOLÈJ MIAMI DADE 25 JANVYE

Ekspozisyon 2014 “Science, Technology, Engineering and Mathematics (STEM)” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik) ap reyini elèv ki pi kreyatif, entelijan, ak debwouya nan Miami-Dade County pou fè konpetisyon e demontre talan yo nan STEM samdi 25 janvye de 8:30 dimaten a 4è nan aprèmidi nan Kanpous Nò Kolèj Miami Dade, Science Complex Building. Science Complex la lokalize nan 11380 N.W. 27th Avenue, Miami, 33167.

Yo atann apwoksimativman 2,000 elèv pou patisipe nan Ekspozisyon STEM nan anba tèm, “Going at Full STEAM - Science, Technology, Engineering, Arts and Mathematics” (Avanse ak Tout VITÈS – Syans, Teknoloji, Jeni, Ar ak Matematik). Yo ap rankontre tou eksploratè selèb, antreprenè sosyal e defansè anviwònmantal, Philippe Cousteau, prezidan e ko-fondatè EarthEcho International, ak Direktè Edikasyon EarthEcho Stacey Rafalowski, ansanm ak fondatè e direktè ekzekitif Experience Aviation Barrington Irving.  Yo toude pral pale e jije yon pòsyon nan kandida yo pandan konpetisyon an.

Ekspozisyon an se yon espas esansyèl pou ekspoze travay di èlev yo fè e pou ofri eksperyans aprantisaj sou responsablite pou kominike plan jeni ak rechèch STEM bay kominote a. Pwojè yo ka ouvri pòt pou bousdetid kolèj ak opòtinite pwogram akademik avanse. Elèv resevwa sètifika, meday, twofe ak prim kach kòm rekonpans.

Konpetisyon Ekspozisyon STEM gen ladan Fwa Syans Elemantè, 60yèm Fwa Rejyonal Sid Anyèl sou Syans ak Jeni ak 19yèm Olenpyad ak Festival Anyèl SECME.

Vizitè pral ka patisipe tou nan atelye entèraktif Kolèj Miami Dade ki pral ofri yo yon apèsi sou Kanpous Nò a ak gwo varyete pwogram ak klas ki disponib.

Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1939 oubyen vizite science.dadeschools.net.

 

###

14-JS/005/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès