POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 jiyè 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ENSKRIPSYON OUVÈ POU PWOGRAM HEAD START/EARLY HEAD START M-DCPS

MIAMI – Pwogram “Head Start/Early Head Start” (Kòmansman Bonè pou Timoun Anbazaj) “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fè enskripsyon kounye a pou timoun ki elijib pou ane lekòl 2014-1015 la. Enskripsyon yo ap kontinye jiska 31 jiyè. 

Pwogram Head Start/Early Head Start la disponib pou timoun de (2) mwa rive senkan ki elijib selon revni paran an. Yo mete nan pwogram nan timoun ki gen andikap (sou baz endividyèl) e yo resevwa yon kantite sèvis devlopmantal.

Head Start/Early Head Start ofri sèvis konpreyansif pou timoun ak fanmi yo.  

Head Start

  • Pwogram edikasyonèl tout jounen pou timoun twa- ak katran
  • Depistaj devlopman timoun
  • Depistaj sante
  • Dejene ak repa midi gratis
  • Opòtinite pou patisipasyon paran

Early Head Start

  • Sant de kalite pou pwogram yo
  • Sèvis sipò pou timoun ki gen bezwen espesyal
  • Depistaj devlopmantal
  • Siveyans sou sante ak nitrisyon
  • Opòtinite patisipasyon paran

Paran yo ka aplike nan lekòl ki ap patisipe yo. Yo ap aksepte aplikasyon sèvis pou manman ki ansent ak timoun laj de (2) mwa rive twazan nan Pwogram Early Head Start, e pou twazan rive katran yo (1ye septanm 2014) pou Pwogram Head Start. Pou plis enfòmasyon ak yon lis lekòl ki ap patisipe yo, paran ka vizite http://headstart.dadeschools.net/.

 

###

14-JS/006/TTR/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès