POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 16 jiyè 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI NAF MIAMI-DADE COUNTY YO RANPÒTE GWO PRIM NAN WASHINGTON, D.C.

“National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) rekonèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) nan konferans anyèl yo a nan
Washington D.C.  Pwogram distri yo te resevwa meday lò a nan prim ak bousdetid.   

Akademi Finans nan Lekòl Segondè Southwest Miami resevwa Prim Akademik Ekselans prestijye Sanford I. Weill, ki rekonèt sèl akademi nan peyi a ki demontre estanda ki pi wo pou patenarya  piblik/prive pou benefis elèv yo.  Prim sa a baze sèlman sou done NAF analize e li gen ladan pèfòmans nan estanda enstriksyon ki baze sou travay avèk 100 pousan plasman nan estaj pou elèv yo, ak yon modèl Komisyon Konsèy ki gen ladan lidè biznis, patnè edikasyon siperyè ak ansyen elèv.  Yo rekonèt Southwest Miami kòm youn nan premye Akademi Distenge yo e li rete Distenge pandan  katran.

An plis:

  • Yo ajoute kat nouvo akademi sou lis akademi Distenge yo, sa ki bay M-DCPS distenksyon dèske li genyen plis akademi karyè pase kèlkeswa distri lekòl la, avèk sèt nan 22 akademi kalite siperyè yo rekonèt nasyonalman   yo ki ap demontre pèfòmans nan pi wo nivo nan prepare elèv pou kolèj ak karyè.  An plis, yo rekonèt 23 akademi kòm pwogram Modèl.  
  • Yo onore Luis Aloma, Jesyonè Jeneral nan Hyatt Regency Miami e manm Komisyon  Konsèy Akademi Ospitalite ak Touris, kòm yon Chanpyon Komisyon Konsèy paske li demontre kapasite direksyon ekstrawòdinè nan asire jèn yo prepare pou kolèj, karyè, ak  patisipasyon sivik aktif.  Aloma pa sèlman rete angaje nan kourikoulòm lekòl yo, men li angaje tou avèk elèv yo nan ofri yo mwayen pou fè estaj e sèvi kòm konseye yo.
  • “Juniper Networks” te remèt bousdetid nasyonal yo bay Richie Revere ak Rashad Revere, Akademi Jeni nan Lekòl Segondè Booker T. Washington; Adam Bernstein, Akademi Enfòmatik nan Lekòl Segondè Alonzo and Tracy Mourning; ak Ant-Quanique Dany,  Akademi Syans Sante nan Sant Edikasyonèl Miami Lakes.   

NAF PWOCHEN: “Roadmap to Impact” (Plan pou Fè Efè) se yon eksperyans devlopman pwofesyonèl ki pwovoke inovasyon e devlope pratik efikas atravè rezo NAF la, atravè opòtinite enstriksyon ak kontak ki san parèy.  Konferans global sa a, ki te fèt Washington, D.C. 9-12 jiyè, te gen ladan administratè ak pwofesè ki soti nan 24 Lekòl Segondè M-DCPS, ak patnè ki nan edikasyon apre lekòl segondè ak endistri biznis ki sipòte Akademi NAF yo.    

“Department of Career and Technical Education (CTE)” Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik)    M-DCPS ofri elèv yo edikasyon teknik pou karyè bon kalite, fyab, e li bay elèv yo ladrès ak konesans yo   bezwen pou yo reyisi nan kolèj ak karyè pou nouvo ekonomi global la. Pou plis enfòmasyon,   silvouplè kontakte CTE nan 305-693-3030 oubyen ale nan http://dcte.dadeschools.net   

Apwopo Fondasyon Akademi Nasyonal (NAF)  

NAF te kòmanse lè Sanford Weill, yon lidè biznis nan Citigroup, te wè yon opòtinite pou konekte jèn moun a bezwen kontilyèl mendèv finansye a.  Sa vin bay nesans a yon modèl edikasyonèl ki ap selebre 32 ane siksè pou asire elèv benefisye nan opòtinite edikasyonèl kalite siperyè ki konekte a endistri ki an devlopman e sa ki ap parèt, e ane sa a yo rekonèt M-DCPS pou akademi ak pwogram ekstrawòdinè li yo.   

NAF se yon rezo akademi yo aklame, baze sou tèm-karyè, ki ouvè pòt karyè kredib pou elèv lekòl segondè ki defavorize.  Akademi NAF yo konsantre sou youn nan senk tem karyè: finans, ospitalite & touris, enfòmatik, jeni, ak syans sante.  Prèske 5,000 pwofesyonèl biznis ap fè volontè nan salklas, travay kòm konseye, mete elèv nan estaj peye, e sèvi nan komisyon konsèy lokal yo.  An 2013, selon rapò akademi NAF yo, 96 pousan elèv lekòl segondè te gradye.  Pou plis enfòmasyon, ale nan http://naf.org  
 

 

###

14-JS/007/DL/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès