POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 13 janvye 2014                  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

MIAMI-DADE AP FÈ EKSPERYANS YON JOUNEN FONKSYÒNMAN REGILYE

Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County ap rapòte yon jou fonksyònman transpòtasyon nòmal, jan yo te predi li.  Nan yon sondaj sant transpòtasyon Distri a fè konnen yon nivo prezans regilye mwayèn pami chofè otobis ak èd chofè atravè tout distri a. 

Enfòmasyon sa a vini aprè reyinyon ak sesyon planifikasyon ki te fèt pandan tout wikenn nan. Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak administratè distri a te pale avèk direksyon egzekitif “American Federation of State, County and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken Anplwaye Eta, Konte e Minisipal) samdi 11 janvye, e gwoup yo te rankontre fasafas dimanch 12 janvye.  Distri lekòl la ak lidè sendika yo te dakò priyorite pou toude gwoup yo, se te transpòtasyon ansekirite, pwoteje, alè pou elèv lekòl, e pou ekspedye efò negosyasyon yo nan jou ki ap vini yo pou eksplore ogmantasyon salè ak diminisyon pri asirans sante.

Yo te voye mesaj telefòn otomatik bay paran yo pou kenbe yo enfòme sou devlopman yo e ofri yo asistans ak kontak, si yo bezwen.  Yo ap voye mesaj adisyonèl pou tout anplwaye AFSCME pou ankouraje yo vini nan travay lendi

Grèv anplwaye leta ilegal nan Florid, menmjan ak "sick-outs" (pa al travay kòm yon fòm grèv òganize).

###

14-JJS/007/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès