POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 21 jiyè 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“CAP, INC.” AP BAY 300 DON BOUS ETID POU KOLÈJ, 29 JIYÈ

Twa-san elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral defile nan Biltmore Hotel’s Country Club Ballroom a 7è diswa madi 29 jiyè, pou yo resevwa don “last dollar” (dènye dola) “College Assistance Program (CAP), Inc.” (Kòporasyon  Pwogram Asistans Kolèj) pou ale nan kolèj. Otèl Biltmore a lokalize nan 1200 Anastasia Ave., nan Coral Gables.

Animatè WLPG-Channel10 Carlos Suarez pral mèt seremoni CAP Inc. “Grant Night” (Sware Bon) 2014 la. Prezantatè yo ap gen ladan Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Prezidan CAP Inc. Xavier Martinez, ak Derektè Jesyon Richès BNY Mellon, Jonathan Soto.
CAP, Inc. Manm Komisyon Konsèy ki sèvi pi lontan nan Miami-Dade G. Holmes Braddock, te fonde an kolaborasyon avèk Divizyon Sèvis Elèv M-DCPS e Fondasyon Kominotè Dade, ki se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki dedye pou asiste divès gradye miltikiltirèl, ki defavorize ekonomikman nan M-DCPS, ki epuize tout mwayen asistans finansye ki disponib.  CAP, Inc. pèmèt yo ale nan kolèj yo chwazi atravè don asistans “last dollar”.

Depi 1979, CAP, Inc. ap travay an kolaborasyon avèk M-DCPS pou ofri plizyè milyon dola nan bous etid pou elèv. Atravè ane yo, plis pase 14,000 elèv resevwa plis pase $12 milyon.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Martha Harris, Direktris Administratif oubyen Deborah A. Montilla, Direktris Egzekitif Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7324.

###

14-JS/008/VL/CF

Retounen sou Nòt pou Laprès