POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 13 janvye 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL LA AP VIN MIAMI, 9 FEVRIYE
ENSKRI DAVANS SOU ENTÈNÈT KOUNYE A!

Reprezantan prèske 200 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2014 la nan Miami, midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 9 fevriye, nan Doubletree Miami Mart Hotel, 777 N.W. 72 Ave.

Fwa gratis la ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la rankontre avèk reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo. Yo pral ofri sesyon enfòmasyon gratis sou èd finansyè, planifikasyon ak egzamen yo mande pou antre nan kolèj. Yo ap prezante sesyon yo chwazi ann Espayòl e an Kreyòl. Konseye ak sant òdinatè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bousetid.

Mande enfòmasyon nan plizyè kolèj oubyen inivèsite nan Fwa Kolèj la pral pi fasil ane sa a ankò pou elèv. Lè elèv enskri davans kounye a, yo ka enprime yon konfimasyon ki kode ak ba kòm yon idantifikasyon elektwonik e yo pap bezwen ranpli kat enfòmasyon. Elèv ak fanmi yo ka enskri davans nan www.gotomyncf.com.

Se “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman an. Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la. Madan Hantman, ki ko-chèmann komite fwa lokal la depi plis pase 18 ane konsekitif di, “Fwa Kolèj Nasyonal la bay fanmi yo aksè fasil ak ekselan enfòmasyon sou opòtinite edikasyonèl… Se yon bonjan fason pou yo vin enfòme e pou yo dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”

Chak ane NACAC patwone fwa nan 50 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran. Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite www.nacacnet.org.

Nòt Editè a:
SILVOUPLÈ METE ANONS SA A SOU KALANDRIYE KOMINOTÈ/LIS AKTIVITE KI PRAL FÈT.

 

###

14-JJS/009/jam/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès