POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 13 janvye 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS AP PATISIPE AN PREMYE NAN KONPETISYON REDAKSYON SOU ETIK ELIE WIESEL PRIZE Y AP FÈ NAN FWA POU JÈN

MIAMI – “The Miami-Dade County Youth Fair & Exposition” (Fwa ak Ekspozisyon pou Jèn nan Miami-Dade County) fyè pou li se sipòtè finansye premye konpetisyon Redaksyon sou Etik “Elie Wiesel Prize” yo ouvè pou elèv premye ane ak dènye ane lekòl segondè nan tout peyi a.  “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se premye distri ki genyen elèv twazyèm ane ak dènye ane lekòl segondè ki ap patisipe.   

Menmjan ak konpetisyon nasyonal la ki ouvè pou etidyan inivèsite, nouvo konpetisyon lekòl segondè a pral adrese menm misyon an: ankouraje elèv aplike apèl pou aksyon, gayan Pri Nobèl Elie Wiesel te lanse, “think higher, feel deeper” (panse pi wo, santi w pi byen) konsènan pwoblèm etik ijan y ap konfwonte nan mond la jodi a.

Yo lanse konpetisyon redaksyon an an janvye.  Prezantasyon prim yo ap fèt nan dezyèm semèn mwa mas.  Gayan yo dwe montre prèv enskripsyon nan kolèj oubyen inivèsite pou reklame lajan prim yo.  Moun ki ap konpoze jiri a se Sipèentandan lekòl leta Miami-Dade Alberto M. Carvalho, gayan Pri Nobèl Dtè. Elie Wiesel, ak fondatè e Ofisye Egzekitif Anchèf “Legal Research Network (LRN)” (Rezo Rechèch Legal) Dov Seidman.  Gayan yo ap resevwa an total $7,000 lajan prim.  Premye Plas: $3,000; Dezyèm Plas: $2,000; Twazyèm Plas: $1,000, e chak patisipan ki vin aprè yo ap resevwa $250.

Efò sa a se yon patenarya ant “The Elie Wiesel Foundation for Humanity,” LRN, patnè kòporasyon esklizif fondasyon an pou konpetisyon redaksyon anyèl sou etik nan nivo kolèj, Lekòl Leta Miami-Dade County,  Fwa ak Ekspozisyon pou Jèn nan Miami-Dade County, Inc., ak “The Betsy Hotel” – South Beach.

Dtè. Eliezer “Elie” Wiesel KBE se yon pwofesè e aktivis politik Juif-Ameriken ki fèt Woumani.  Li ekri 57 liv, ki gen ladan “Night,” yon travay ki baze sou eksperyans li kòm prizonye nan kan konsantrasyon Auschwitz, Buna, ak Buchenwald.  Mesye Wiesel te genyen Pri Nobèl la an 1986.

Dov Siedman, ki dedye lavi li pou pwomote direksyon etik pami pwochen jenerasyon nou yo, te ekri liv “HOW: Why HOW We Do Anything Means Everything” (KIJAN: Poukisa FASON Nou Fè Yon Bagay Gen Anpil Enpòtans.”  Li se fondatè e Ofisye Egzekitif Anchèf LRN, yon konpayi konsiltasyon sou kilti,  konpòtman etik ak fason yo dirije kòporasyon yo, e li genyen degre avanse nan filozofi ak dwa nan “University of California,” Los Angeles, “Oxford University” ak “Harvard Law School.”   

Kontribisyon “Youth Fair” pou finanse Konpetisyon Redaksyon sou Etik Elie Wiesel se yon ekstansyon distribisyon anyèl $300,000 li a nan bousdetid pou kolèj, peman kach ak prim pou elèv lokal ki nan lekòl leta,  prive, “charter” e sa ki lekòl lakay yo.  Jiska dat sa a, “Youth Fair” bay elèv Miami-Dade plis pase $10 milyon pou ede yo atenn edikasyon siperyè.

“Youth Fair” se sèl espas nan Miami-Dade County kote elèv kapab ekspoze tout akonplisman edikasyonèl, atistik e syantifik yo yon sèl kote e resevwa rekonpans pou efò yo.  Yo ekspoze plis pase 40,000 pwojè elèv anyèlman devan plis pase yon demi milyon fanmi, zanmi ak moun ki vizite fwa yo.  Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite http://fairexpo.com/thefairinfo-about_us.php. Ou ka kontakte tou Melissa Lichtenheld nan 305-372-1234 oubyen atravè lèt elektwonik nan mlichtenheld@wraggcasas.com.   

###

13-JS/010/TTR/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès