POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 21 janvye 2014          

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

EKIP “ROCKETS” LEKÒL SEGONDÈ LETA MIAMI CENTRAL AP FÈ
‘PARAD CHANPYON YO’ SAMDI 25 JANVYE

Ekip “Rockets” Lekòl Segondè Miami Central pral selebre Chanpyona Foutbòl 6A Eta a avèk yon parad kominotè samdi 25 janvye.  Parad la ap kòmanse a 11è dimaten nan entèseksyon N.W. 95yèm Ri ak 17yèm Avni e li prale Sid sou yon wout 12 blòk anvan li retounen nan kanpous Lekòl Segondè Central la, kote yo pral fè yon seremoni sou teren atletik la. Lekòl Segondè Miami Central lokalize nan 1781 N.W. 95th St., Miami, FL  33147.

Ofisye Anchaj evènman sa a se Komisyonè Miami-Dade County Jean Monestime ak ansyen Antrenè Anchèf Foutbòl Telly Lockette.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Rhoshonda Shotwell, Direktris Aktivite Elèv, nan 305-696-4161 ekstansyon 2227; oubyen Madan Latoya Williams, Direktris Atletik, nan 305-696-4161 ekstansyon 2204.

###

14-JS/011/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès