POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 jiyè 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL ALBERTO CARVALHO, MANM KOMISYON KONSÈY LEKÒL DISKITE VIZYON YO POU ANE LEKÒL K AP VINI AN

Manm Komisyon Konsèy Lekòl te angaje nan yon sesyon pou an vizyone e diskite avèk Sipèenandan Alberto M. Carvalho priyorite yo nan prepare pou ane lekòl ki ap vini an, nan yon reyinyon nan Doubletree Hotel apremidi a.  Carvalho devwale nouvo pwogram ak pwosedi amelyore ki fèt espesifikman pou pi byen sèvi elèv ak moun ki konsène nan Lekòl Leta Miami-Dade County, e pou li mete anplas travay debaz pou yon Plan Estratejik distri pou senk ane, 2014 rive 2019.

Carvalho prezante manm Komisyon Konsèy yo 52 nouvo pwogram chwa ak magnet, ki gen ladan AP/Capstone, Cambridge, Syans, Matematik, Enfòmatik ak Atizay. Li gen ladan dizuit nouvo Lekòl Cambridge ak 10 nouvo Pwogram “Capstone”. Pwogram magnet yo vize matye ki gen pou wè ak “STEM”, ki gen ladan “Geospatial Information Systems” (Sistèm Enfòmasyon sou Espas), “iCode”, (Sistèm Enfòmatik Entegre) Jeni, Biyoloji Konsèvasyon, Anviwònmantal ak Syans Agrikilti, e Planifikasyon Resous Antrepris. Yo ofri kèk pwogram an patenarya avèk kolèj ak inivèsite, menm jan ak ajans syans. Yon amelyorasyon sou aplikasyon magnet ak yon seleksyon nan yon sistèm aza ap ede administratè yo rapidman pou jere devlopman nan pwogram magnet la, e ogmante aksè elèv, avèk eklèsiman e transparans.

Nouvo patenarya nan edikasyon pou gwoup espesifik ak lekòl nan Distri a ki gen ladan:
•     Kolaborasyon avèk endistri teknoloji yo pou ofri fòmasyon, estaj e opòtinite pou elèv ki gen Otis;

•     Kreye yon enstiti pou pwofesè espesyalize pou ofri opòtinite fòmasyon nan endistri touristik pou endividi ki gen andomajman, an kolaborasyon ak Lekòl Ospitalite e Jesyon Touristik;

•      Ogmante aksè pou depistaj ak sèvis edikasyon ak dyagnostik pou timoun laj fèk
      fèt rive katran ane, e agrandisman Sant FIU pou Tmoun ak Fanmi yo nan
      pwogram kolaboratif pou edikasyon paran ak pou jesyon konduit destriktif nan
      salklas.

•    Fè patenarya avèk FIU ak Konpayi Lennar pou ranfòse Akademi Jeni e kreye
   Akademi Astwonomi nan Lekòl Segondè Booker T. Washington.

Sipèentandan Carvalho prezante tou mezi espesifik ki fèt pou ede elèv ak fanmi yo avèk devouman akademi yo ki gen ladan:

•     Yon Pwojè Anbasadè pou Tanzisyon Jadendanfan pou ede timoun ki ap soti nan sant aprantisaj prive pou ale nan salklas “ Miami Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County);

•    Ofri chak timoun yon “advocate” (defans) lekòl, yon “Antrenè pou Siksè” pou
 edantifye fòs ak feblès elèv la;

•     Estaj pou elèv atravè Fondasyon Akademi Nasyonal pou asiste elèv nan prepare pou kolèj ak karyè nan nouvo ekonomi global.

•     Sant Sèvis Edikasyonèl e Kominotè Yon Sèl Kote pou ofri asistans nan plizyè ajans pou jèn ki nan risk ki bezwen devlopman emosyonèl, sosyal, santé, pèsonèl, ak karyè;

•     Yon Defi Milyon Dola pou Afabetize Kominote a, sipòte anviwònman fanmi pozitif e alfabetize pou pwomote devlopman elèv.

•     Yon pwogram ki ekipe paran avèk konesans ak ladrès pou pran avantaj sou opòtinite bous.

Reyinyon an te gen ladan tou yon revizyon bidjè distri lekòl la ak pwojè fon yo soti nan Bon Obligasyon Jeneral votè nan Miami-Dade te apwouve a, ki gen ladan 201 pwojè nan premye twa ane yo, e yon lòt 76 pwojè pou 3,4 e 5 ane ki akselere pou ane k ap vini an.

Transfòmasyon dijital distri a deja kòmanse, ak yon kantite rekò 11,000 “Promethean” tablo entèratif yo ap enstale nan ane k ap vini an, e enstalasyon Wi-Fi ap konplè kat ane davans nan mwayèn nasyonal la. Plis pase 100,000 aparèy elektwonik, ki gen ladan, òdinatè laptop e tablets, pral disponib pou elèv pou ba yo aksè liv sou Entènèt ak kontni dijital.

 Pami lòt amelyorasyon yo, Carvalho anonse:
•     Prepare pwofesè pou tranzisyone soti nan FCAT pou ale nan estanda Florid atravè pwogram pwofesyonèl espesifye, etou yon kanpay enfòmasyon piblik pou ede paran konprann nouvo estanda yo;

•    Anplwaye nouvo pwofesè ki pi efikas;

•     Ajiste fonksyon Distri a pou sèvi elèv yo pi byen e “fè tout bagay pou timoun yo”.

•     Yon “app” (aplikasyon) mobil pou ede kenbe paran, elèv anplwaye ak kominote a enfòme sou enfòmasyon enpòtan, ki gen ladan orè klas ak enfomasyon bis, ijans, fèmen lekòl ak evènman ki pral fèt;

•     Sistèm peman pi fasil ki pèmèt paran pou sèvi ak kat kredi pou peye sèvis nesesè pou elèv.

    Yon inisyativ redui papye ki fèt pou redui sèvi ak papye a 75 pousan;

    Rann li pi fasil pou suiv pwojè mentmans atravè yon tablo dijital;

    Kreye yon pwogram “carpool” (kondui an gwoup) pou fasilite anplwaye Distri a
     nan yon aplikasyon mobil;

    Rann pi fasil e amelyore yon sistèm pou konpayi rete okouran e prezante òf pou kontra
      sou Entènèt;

   Yon ekip Prevansyon (fwòd) pou ede redui vòl nan sistèm swen sante anplwaye  
     yo;

    Antrenè Byennèt nan chak lekòl pou pwomote aktivite byennèt pami anplwaye.

   Sant Medikal “UHealth“nan Lekòl Segondè Miami Jackson – Yon andwa ki ofri yon seri sèvis pou byennèt sante ki ap ofri swen sante prevantif pou anplwaye M-DCPS;

    Yon komite sekirite andwa travay pou ofri yon anviwònman travay amelyore pou  
     anplwaye.

Nouvo pwogram nan ak pwosedi pral ofri plis chwa ak meyè sèvis bay elèv ak moun ki konsène nan M-DCPS pandan ane lekòl k ap vini sa a.

 

 

###

14-DGD/012/JS/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès