POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 jiyè 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE BIDJÈ SIPÈENTANDAN CARVALHO PWOPOZE KI PWOTEJE PWOFESÈ, SALKLAS, PEYÈ TAKS

MIAMI – Komisyon Konsèy Miami-Dade la apwouve yon bidjè Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pwopoze pou ane lekòl 2014-2015 la. Bidjè sa a pwoteje pwofesè ak salklas avèk yon ogmantasyon $43 milyon nan depans lekòl e yon rediksyon $5 milyon nan depans administratif, ki desann 57 pousan depi 2008. Bidjè a pwoteje peyè taks nan diminye pousantaj taks la e kontinye elaji sipò “Exceptional Student Education (ESE)” (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl) ak chwa parantal anplis pwoteje kredibilite ekonomik sistèm lekòl la.

Pou Carvalho se pridans nan jesyon sèvis dèt ki mete distri a nan pozisyon finansye solid sa a. Carvalho di, “Sa a se yon bidjè ki sèvi elèv, paran ak kominote a...  Li mete opòtinite aprantisaj pou elèv nan pi wo nivo e li pwoteje peyè taks la nan diminye pousantaj taks la.”

An rezime, Bidjè a pral:

  • Prezève travay pwofesè
  • Pwoteje salklas  
  • Ogmante depans lekòl
  • Elaji opsyon chwa parantal
  • Elaji sipò ESE
  • Ogmante depans pou pwoteksyon/sekirite
  • Kontinye ratresi biwo santral la
  • Pwoteje kredibilite ekonomik sistèm lekòl la
  • Pwoteje peyè taks yo
  • Kontinye enplemantasyon pwojè Bon Obligasyon Jeneral: Pwomès se dèt.

Sa bidjè sa a pa fè se deranje pwogram elektif yo, redui rezèv distri a, ogmante “tax millage” (to taks sou pwopriyete), oubyen redui aktivite atletik ak aprè lekòl. Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Pwoteje pwofesè e avanse bezwen elèv nou yo se valè ki defini bidjè Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve a.”
Ap gen yon odyans final sou bidjè a 3 septanm 2014.

###

14-DGD/013/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès