POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 janvye 2014                    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL POU ETID AVANSE JWENN GWO NÒT NAN EGZAMEN ACT

Yo te difize Nòt Mwayèn ACT 2012-2013 Lekòl Leta Florid e “School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse) Kanpous Wolfson te jwenn pi gwo nòt mwayèn ACT konpoze nenpòt lekòl segondè te ka jwenn nan Sid Florid e li te dezyèm nan tout eta Florid la.

Tout kat etablisman SAS yo te klase nan premye 15 lekòl leta segondè nan eta Florid sou pi resan rezilta mwayèn nòt konpoze yo (SAS Wolfson-2yèm, SAS Kendall-5yèm, SAS Homestead-12yèm, ak SAS North-14yèm).

Tradisyonèlman, yo te klase SAS kòm lekòl leta segondè nimewo 1 nan Miami-Dade County chak ane nan toude, egzamen ACT ak SAT yo. 

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dennis P. Lindsay, Relasyon Medya/Kowòdinatè Anwòlman, Lekòl pou Etid Avanse, 305-237-0510.

 

###

14-JS/013/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès