POU DIFIZE IMEDYATMAN
Samdi 18 janvye 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY, AFSCME JWENN YON ANTANT

Lekòl Leta Miami-Dade County ak “American Federation of State, County, and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken Eta a ak County ak  Anpwlaye Minisipal) jwenn yon antant vandredi 17 janvye a, ki adrese efè dediksyon pou asirans sante anplwaye yo pandan negosyasyon ap kontinye.
  
Chèman Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County Perla Tabares Hantman di “Sa fè m gran plezi kote administrasyon ak dirijan sendika AFSCME te kab jwenn yon antant ki prezève abilite nou pou kontinye negosye pandan n ap redui pri asirans sante pou anplwaye yo.  Antant sa a se plis evidans toujou pou enpòtans nou kòm yon distri plase sou diyite tout anplwaye nou yo.”

Akò sa ap pèmèt tout anplwaye AFSCME yo enskri nan plan asirans  “OAP 20” an tanporèman nan nouvo kad pèman ki pi ba, ki kòmanse 1ye janvye a.  Anplisdesa, 24 janvye anplwaye yo pral wè yon ajisteman sou chèk yo ap touche ki reprezante diferans ant nouvo frè ba pou asirans sante ak sa ki te reflete sou chèk yo te touche 10 janvye 2014 la. Antant sa a ofri Distri avèk yon abilite pou l envesti kontribisyon li sou swen sante ki ap aleje ogmantasyon an e ofri ranbousman bay anplwaye ki te afekte yo.

Negosyasyon ap kontinye nan semèn k ap vini yo.

 

###

14-JS/014/GC/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès