POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 29 jiyè 2014   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

WIKENN KONJE NAN PEYE TAKS FLORID AP KÒMANSE 1YE RIVE 3 OUT 2014


Senk ane desa, Lejislatè nan Florid otorize yon twa jou wikenn “konje nan peye taks” pou founiti klasik debaz, rad, ak sèten aparèy elektwonik nan antisipasyon pou nouvo ane lekòl la. Ane sa a vant konje nan peye taks sou lavant la ap kòmanse a 12:01 dimaten nan vandredi 1ye out 2014 e pou fini a 11:59 diswa nan dimanch 3 out 2014.

Diran peryòd sa a, lwa Florid mande pou pa gen taks oubyen opsyon taks lokal (yo konnen li tou kòm chaj frè lavant diskresyonè) kote yo ap kolekte taks pou acha:
·         Rad, soulye, ak sèten atik pou abiyman ki ap vann pou $100 oubyen mwens pou  
         chak atik,
·         Sèten founiti klasik ki ap vann pou $15 oubyen mwens pou chak atik e
·         Òdinatè pèsonèl ak sèten pwogram pou fonksyon yo, pou premye $750 sou pri pou
         vann nan, lè yo ap achte li, pa pou sèvis kòmèsyal, pou sèvis lakay oubyen pèsonèl. 

Pami founiti klasik yo pèmèt yo se: Klasè/katap, kalkilatris, papye transparan, kasèt, CD vèj, papye pou desen, bwat manje, papye pou ranpli katab, papye pou afiche ak sizo.

Atik pou founiti klasik yo PA Apwouve nan pa peye taks gen ladan: liv yo pa mete nan lis pou pa peye taks, papye pou òdinatè, papye likid pou koreksyon-plim; tep-adezif; papye pou enprimant, klipsè ak klips.

Pwopozisyon Chèmann Lekòl Leta Miami-Dade County Perla Tabares Hantman te apwouve alinanimite pou pwomote konje sa a pou fanmi yo nan reyinyon Komisyon Konsèy an jen 2014 la.
 
Pou plis enfòmasyon sou konje nan pa peye taks, e pou yon lis atik espesifik ak kondisyon taks pou atik la pandan peryòd taks gratuit ale vizite http://dor.myflorida.com/dor/

 

###

14-DGD/014/HD/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès