POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 5 out 2014             

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ELÈV CARVALHO YO KI JWENN SIKSÈ, KI SANZABRI E K AP PREPARE POU KOLÈJ RESEVWA PRIM KI SOTI NAN PWOJÈ UP-START

Sipèentandan Alberto Carvalho pral prezante dis elèv gradye resaman yo bousdetid, lajan ak òdinatè laptòp nan seremoni espesyal k ap fèt mèkredi 6 out a 1è nan aprèmidi nan bilding Komisyon Konsèy Lekòl la.  Elèv k ap prepare pou kolèj sa yo, malgre yo nan yon move moman, briye gras a Pwojè UP-START la - yon pwogram  Lekòl Leta Miami-Dade County kreye pou ede plizyè milye timoun ki sanzabri nan sistèm lekòl nou an.

Sipèentandan Carvalho – ki te fè eksperyans sanzabri dèzane – ap ofri chak elèv yon chèk $1,000 pou frè kolèj, avèk prim fon ki ap soti nan “AASA National Superintendent of the Year award”. (Prim Sipèentandan Nasyonal pou Ane) a. Li ap matche prim sa a ak yon donasyon $1,000 pou chak elèv pou ede yo avèk depans kolèj tankou founiti klasik, rad, e manje.  Yo chak ki resevwa bousdetid ap resevwa tou yon òdinatè laptòp Hewlett-Packard.

Pandan gradye sa yo ap prepare pou kolèj, lòt elèv lekòl segondè ap mete yo prè pou kòmanse yon nouvo ane lekòl avèk èd Magazen UP-START, ki ofri founiti klasik ak lòt nesesite pou elèv ki sanzabri.

KILÈ: 

Mèkredi 6 out 2014
A 12è, midi – Rankontre nan antre prensipal la pou vizite Magazen UP-START avèk elèv kounye a ki vin chèche founiti klasik
A 1è nan aprèmidi – Seremoni Bousdetid la nan oditoryòm nan

KI KOTE: 

School Board “Administration Building” (Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl)
1450 N.E. 2nd Avenue
Miami, FL  33132         

VIZYÈL:

Prezantasyon bousdetid ak laptòp
Entèvyouve gradye yo ak konseye UP-START
Entèvyouve Sipèentandan Carvalho
Vizite e entèvyouve Magazen UP-START avèk elèv kounye a

 

Pwojè UP-START ap chèche pou asire yon eksperyans edikasyonèl ak siksè pami timoun ak jèn ki sanzabri nan Sid Florid la an kolaborasyon avèk paran, lekòl yo, e atravè kominote a ki ouvè pòt yo pou opòtinite akademik, retire baryè e pwomote bon sans pou pwòp tèt yo avèk espwa pou yon meyè demen.  Pou aprann plis sou Pwojè UP-START, vizite http://studentservices.dadeschools.net/hap/

 

# # #

14-DGD/017/DL/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès