POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 out 2014   

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

YO AP EKSPOZE KONVÈJANS DIJITAL PANDAN FÒMASYON PWOFESÈ

KIYÈS: 
Pwofesè Lekòl Leta Miami-Dade County ak fòmatè
KISA:
Pwofesè pral patisipe nan Fòmasyon Dijital sou Syans Sosyal, ki gen ladan sesyon sou kòman pou travay avèk pwogram tankou “LAN School”, “One Note” ak “My Big Campus”. Anplis, yo pral prezante sesyon fòmasyon sou “Promethean Board” e bay yon rezime tou kout sou aparèy yo ak règ lekòl yo.
KILÈ: 

Jedi 7 out 2014
10:30 dimaten

KI KOTE: 

Miami Killian Senior High School
10655 SW 97th Avenue
Miami, FL 33176        

VIZYÈL:

- Fòmasyon pratik pou aprantisaj dijital avèk “Hewlett-Packard 900 Elite     Pads”   
- Aparèy yo sijere pou paran achte
- Entèvyou avèk pwofesè ki ap patisipe nan fòmasyon an
- “Promethean boards” ann aksyon
- “Tablet carts” yo pral itilize pou klas Sivik 7yèm ane eskolè sèlman
- Pwotokòl ak pwosedi sou “BYOD (Bring Your Own Device)” (Pote Pwòp Enstriman ou)

 

# # #

   14-DGD/018/DL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès