POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 5 out 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP FÈ PREMYE ESÈ POU PWOGRAM TÈS DWÒG SAN ANONS NAN LEKÒL YO
 
 
MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fini etid sou fezabilite tès dwòg san anons sou elèv ki ap patisipe nan espò ak lòt aktivite deyò salklas.  Distri a pral inisye plan pou kòmanse yon pwogram premye esè pou teste elèv sa yo san anons pou dwòg nan ane lekòl sa a. 
 
Jodi a, otorite federal chaje sèt endividi kòm moun k ap founi “steroids” (stewoyid) ilegalman bay pèsonalite espò enpòtan, ansanm ak atlèt lekòl.  Envestigasyon Distri a nan ka sa a pa endike enplikasyon okenn elèv M-DCPS. 
 
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Distri a pran angajman pou sekirite timoun nou yo… Chaj yo pote kont moun sa yo se yon mouvman pozitif gouvènman federal la. Fèmen etablisman tankou sa a - ki ap founi timoun dwòg - pral benefisye kominote nou an. Pwogram premye esè sa a pral ofri yon rezo sekirite adisyonèl kont itilizasyon dwòg pou ogmante pèfòmans kay jèn nou yo.” 
 
Se Manm Komisyon Konsèy Lekòl Raquel Regalado ki te pwopoze etid sou fezabilite tès dwòg san anons nan e Komisyon Konsèy Lekòl la pase l nan reyinyon septanm 2013 la.

###

14-DGD/020/JS/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès