POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 22 out 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

‘MONTE TEREN AN KOURI POU W JWENN SANTE, BYENNÈT AK SIKSÈ!’
FWA AP FÈ DEMEN 23 OUT

KIYÈS: 

Dtè. Wilbert “Tee” Holloway, Manm Komisyon Konsèy Lekòl; Majistra Miami Gardens Oliver G. Gilbert III; Dwanna Hill, “Healthy Kids Corporation” (Konpayi pou Timoun Ansante); Dtè. Avery Rosnick-Slyker, “University of South Florida” (Inivèsite Sid Florid); Lani Ferro, “Miami Children’s Hospital” (Lopital pou Timoun Miami); Nick Duran, “Enroll America” (Enskri Ameriken), reprezantan ki soti nan Akademi Paran An ak “KidCare Family” (Fanmi Swen Timoun); ak elèv, paran ak manm kominotè ki enterese.

KISA:
Fwa Monte Teren an Kouri Pou w Jwenn Sante, Byennèt ak Siksè!
KILÈ: 

Samdi 23 out 2014  •  9è dimaten pou midi
KONFERANS POU LAPRÈS A 10È DIMATEN

KI KOTE: 

Carol City Middle School
3737 N.W. 188th Street
Miami Gardens, FL 33055

POUKISA:

Lidè sivik, kòporasyon, ak edikasyonèl pral rankontre ak kominotè lekòl pou paran, elèv administratè pou montre resous ak estrateji ki ap asire elèv amize yo e pase yon nouvo ane lekòl ansante e ak siksè. Plis pase 400,000 timoun ak jèn pa gen asirans nan Florid.  Plizyè timoun ki pa gen asirans kab elijib pou asirans sante gratis oubyen nan yon pri byen ba atravè “Florida KidCare” (Swen Timoun Florid) e paran yo gen dwa pa konn sa. Timoun nan yon fanmi ki gen kat moun ki fè $47,700 pou ane a kab kalifye.

VIZYÈL:

    • Otobis Depistaj Sante Borinquen
    • Demonstrasyon/atelye sou CPR – “Florida Heart Research Institute” (Enstiti Rechèch sou Kè nan Florid)
    • Depistaj BMI/Tansyon Ateryèl
    • Demonstrasyon Fè Manje Nourisan – ak Kado Dejene Nourisan pou tout moun “Common Threads” bay
    • “Asset Mapping” ap fè ti atelye pou fanmi – Akademi Paran An
    • Enskripsyon nan Florida KidCare
    • Enskri pou inifòm ak resous gratis
    • Founiti klasik pou tout elèv
KONTAK:
Barbara Biggart: 305-995-7326 (biwo) oubyen 305-776-7020 (pòtab)

# # #

     14-DGD/021/HD/CF

Retounen sou Nòt pou Laprès