POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 30 janvye 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN MYRNA L. BETANCOURT MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A,               ANGELINA FULCHINI SE GAYAN PRIM MEYÈ PWOFESÈ DEBITAN

Yo nonmen Myrna L. Betancourt, yon pwofesè kuizin lekòl adilt/vokasyonèl nan South Dade Educational Center, Meyè Pwofesè 2015 Francisco R. Walker pou Miami-Dade County nan yon seremoni nan Trump National Doral Hotel yèswa.  
 
Senk finalis te nan konpetisyon ane sa a pou tit dezire sa a, ki gen ladan yon moun yo nonmen nan chak twa rejyon Distri a, youn nan Biwo Transfòmasyon Edikasyonèl e youn nan Edikasyon Altènatif.

Betancourt, ki te pase de (2) deseni kòm yon travayè sosyal nan Chicago, t ap dirije youn nan pwogram vokasyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County ki fè plis siksè nan sis dènye ane yo.  Li fè kuizin lekòl li a tounen yon salklas ki ka transfòme moun, kote jèn elèv adilt yo, anpil nan yo ki sanzabri e san travay, ap rebati lavi yo.  Li kreye “Café Du Jour” (  Kafe Jounen an) pou bay elèv yo fòmasyon pratik nan ar kilinè nivo mondyal ak ospitalite.  Elèv li yo patisipe nan plizyè konpetisyon lokal ak evènman restorasyon pou yo ka devlope ladrès mond reyèl pa yo e ofri yo opòtinite pou konekte avèk anplwayè potansyèl.  Moun ki pran dezyèm plas la se Nichole Anne Dino nan Lekòl Segondè Miami Carol City.

Yo rekonèt tou meyè pwofesè debitan yo.  Yo nonmen Angelica Fulchini, yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Frederick Douglass, Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a.  Victoria R. Jarrett, yon pwofesè nan Lekòl Mwayen W.R. Thomas, se dezyèm Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a. 

NÒT EDITÈ A:  Atachman foto. 

Goch-dwat - Meyè Pwofesè 2015 Francisco R. Walker Myrna L. Betancourt, Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho, ak Meyè Pwofesè Debitan 2014 pou Ane a Angelica Fulchini.  

 

###

14-JS/021/HD/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès