POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 31 janvye 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ELÈV AKADEMI KARYÈ PRAL PATISIPE NAN JOUNEN NASYONAL AKTIVITE “GROUNDHOG SHADOW,” 4 FEVRIYE

KIYÈS: 
Elèv Akademi Karyè National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal)
KISA:
Jounen Nasyonal “Groundhog Shadow”
KILÈ: 

Madi 4 fevriye 2014
9è dimaten – 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 
Plizyè lokasyon atravè Miami Dade County        
POUKISA:

Jounen Nasyonal “Groundhog Shadow” sipòte aprantisaj elèv ki ap fèt andeyò yon salklas e ofri elèv yo opòtinite pou wè koneksyon ant akademik ak demand mache travay la. 

Sa fè pati patenarya ak angajman distri a nan Plan Enplemantasyon Endistri “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) yo Sible pou ankouraje angajman biznis nan edikasyon e fòmasyon preparasyon karyè elèv. Elèv yo enskri nan tèm akademi karyè ki gen ladan Jeni, Ospitalite ak Touris, Finans, Enfòmatik ak Syans Sante ki ap prepare pou estaj ann ete a.

Li pa twò ta pou angaje nan patwone yon elèv oubyen yon gwoup elèv pou evènman an.  Pou detay oubyen enfòmasyon adisyonèl, kontakte Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik nan 305-693-3030 oubyen vizite:  http://tinyurl.com/jobshadowday2014

 

# # #

14-JJS/022/VVL/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès