POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 4 fevriye 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL LA AP VIN MIAMI, 9 FEVRIYE
ENSKRI DAVANS SOU ENTÈNÈT KOUNYE A!

Reprezantan prèske 200 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2014 la nan Miami, midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 9 fevriye, nan Doubletree Miami Mart Hotel, 777 N.W. 72 Ave.

Fwa gratis la ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la rankontre avèk reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo. Yo pral ofri sesyon enfòmasyon gratis sou èd finansyè, planifikasyon ak egzamen yo mande pou antre nan kolèj. Yo ap prezante sesyon yo chwazi ann Espayòl e an Kreyòl. Konseye ak sant òdinatè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bousetid.

Se “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman an. Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la. Madan Hantman, ki ko-chèmann komite fwa lokal la depi plis pase 18 ane konsekitif di, “Fwa Kolèj Nasyonal la bay fanmi yo aksè fasil ak ekselan enfòmasyon sou opòtinite edikasyonèl… Se yon bonjan fason pou yo vin enfòme e pou yo dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”

Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj Nasyonal Miami a nan 305-995-1739. Etou vizite www.dadeschools.net, http://studentservices.dadeschools.net.college_fair.asp, oubyen www.nacacnet.org.
Elèv ak fanmi yo ka enskri davans pou fwa a nan gotomyncf.com. Chak ane NACAC patwone fwa kolèj nan prèke 60 vil atravè peyi a e li attire plis pase 650,000 elèv ak paran yo.

###

14-JJS/023/jam/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès