POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 6 fevriye 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO ANONSE CHWA POU TRANSFÒMASYON DIJITAL DISTRI LEKÒL LA

Sipèentandan Alberto M. Carvalho anonse jodi a Lekòl Leta Miami-Dade County, katriyèm pi gwo distri lekòl peyi a, fè yon kokenn chenn pa ann avan sou wout pou transfòmasyon dijital distri lekòl la ak yon inisyativ pou aparèy 1:1, kote yo lanse yon deplwaman 100,000 HP ak aparèy ”Lenovo Windows 8” vè mwa out. Nan kòmansman prentan sa a, 13,000 elèv lekòl elemantè, ansanm ak 15,000 elèv 7yèm ane eskolè sivik ak elèv 9yèm ane eskolè istwa mondyal pral gen aparèy yo. Adisyonèlman, yo pral ajoute plis pase 10,000 tablo entèraktif nan salklas atravè distri a.

Carvalho te fè anons la avèk Margo Day, Vis Prezidan, Edikasyon Etazini, “Microsoft Corp.,” ki pral bay “Office 365” pou tout elèv distri yo itilize.  Microsoft ap bay tou “Skydrive,” yon kalite sistèm stokaj enfòmasyon baze sou nyaj, ansanm ak sèvis teknik ki ap asire materyèl edikasyonèl distri a ap fonksyone nòmalman ak aparèy sanfil. Elèv yo pral gen yonsèl koneksyon ki pral pèmèt yo jwenn aksè sou aparèy, rezo a ak aplikasyon yo tout nan yonsèl koneksyon.

Carvalho di, “Teknoloji, pou kont li, pa pral fèmen eka siksè ant rich ak pòv, yon eka ki menase anpil nan elèv minorite nou yo... Men lè yo itilize teknoloji kòrèkteman, nou wè rezilta solid nan pwòp iPrep Akademi nou yo ki rich ak teknoloji, pa egzanp, avèk meyè nòt egzamen e ogmantasyon opòtinite anplwa.”

Anons Carvalho a make yon gwo pa ann avan pou 350,000 elèv Miami-Dade yo. Avèk enfrastrikti a ki an plas pou ofri yo “Office Pro Plus,” konekte ak aparèy kalite antrepriz “Windows 8,” elèv yo pral gen zouti yo bezwen e pou jwenn ladrès ki pwouve ki pi valab pou siksè nan kolèj ak karyè.  Yon etid resan IDC Study, ki te eskane plis pase 14 milyon djòb yo poste, jwenn pifò ladrès yo mande pou gwo djòb jiska ane 2020 se ladrès modèn tankou kominikasyon, rezoud pwoblèm ak travay ann ekip, ansanm ak ladrès teknik “Microsoft Office.”

Yo te fè anons nan yon panèl “Microsoft YouthSpark Connection” nan Miami kote yo te reyini ansanm ak lidè lokal edikasyon, biznis, ak vil yo pou diskite yon pwoblèm vil Miami ak peyi a ap konfwonte—divizyon malere ant elèv ki gen aksè a teknoloji, ladrès ak opòtinite pou yo fè siksè ak sa ki pa genyen yo.

 

###

13-JJS/024/VVL/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès