POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 11 out 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS LANSE APLIKASYON MOBIL POU PARAN, ELÈV, ANPLWAYE

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse resamman yon nouvo aplikasyon mobil pou ofri paran, elèv, ak anplwaye aksè pi rapid sou enfòmasyon ki ajou   konsènan lekòl.  Aplikasyon Mobil “Dadeschools” la disponib kounye a pou telechaje GRATIS pou aparèy “iPhone” ak “Android.”   

Aplikasyon mobil la prezante:

  • Orè pou klas elèv ak enfòmasyon sou wout otobis    
  • Lis tout lekòl leta nan Miami-Dade selon kalite lekòl la  
  • Enfòmasyon sou lekòl ki gen ladan sit Entènèt lekòl la, foto, adrès lekòl, nimewo telefòn,  enskripsyon, koulè lekòl, ak orè lekòl
  • Fonksyonalite pou kontakte lekòl atravè telefòn oubyen adrès elektwonik  
  • Abilite pou wè pozisyon lekòl sou yon kat
  • Abilite pou voye tèks, lèt elektwonik oubyen mesaj “Twitter” sou enfòmasyon konsènan lekòl   
  • Abilite pou resevwa notifikasyon ki soti nan M-DCPS
  • Enfòmasyon konsènan “Foundation for New Education Initiatives, Inc (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon)
  • Sèvi avèk non itilizatè ak modpas pou antre nan Pòtal “Dadeschools” pou resevwa   enfòmasyon pèsonalize ki apwopriye pou paran, elèv, e anplwaye 

Paran, elèv ak anplwaye ka jwenn tou enfòmasyon konsènan pwogram “Bring Your Own Device (BYOD)” (Pote Pwòp Aparèy Ou) ki gen ladan ki aparèy ki kalifye e kijan pou konekte nan lekòl ou.  

Yo ap ajoute lòt fonksyon atravè ane lekòl la.

Silvouplè vizite www.dadeschools.net sou aparèy mobil ou a pou w ka ouvri aplikasyon an.  

 

###

14-DGD/024/JS/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès