POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 out 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PAKE ENFÒMASYON POU PARAN SOU OUVÈTI LEKÒL 2014-2015 SOU ENTÈNÈT KOUNYE A

Lendi 18 out 2014, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral ouvè pòt li pou apeprè 355,000 elèv, e transpòte plis pase 60,000 elèv nan flòt otobis Distri a. Pou asiste paran nan prepare premye jou lekòl la, Distri a poste “Back-to-School Kit” (Pake Enfòmasyon sou Ouvèti Lekòl) la sou Entènèt nan news.dadeschools.net. Pake a gen enfòmasyon enpòtan sou sijè soti sou chwa lekòl, anwolman doub, orè, dat enpòtan, demand pou gradyasyon, fason pou paran patisipe ak sekirite nan lekòl. 

Elèv ki nouvo e sa ki ap retounen pral gen opòtinite pou fè eksperyans nan yon varyete nouvo pwogram edikasyonèl ak benefis pandan ane lekòl 2014-2015 la.

M-DCPS ap devwale 52 nouvo pwogram chwa ak magnèt ki gen ladan “AP/Capstone”, “Cambridge”, Syans, Matematik, Enfòmatik ak Ar. Gen ladan Dizuit nouvo lekòl Cambridge ak 10 nouvo Pwogram Capstone.

Pwogram magnèt yo pral konsantre sou domèn ki gen rapò ak STEM, ki gen ladan Sistèm Enfòmasyon sou Jewografi Lespas, kodaj, Jeni ak Syans Agrikòl. Yo ofri kèk pwogram an patenarya avèk kòlèj e inivèsite lokal, ansanm ak ajans syans yo.

Polis Lekòl Miami-Dade ap andose yon kanpay atravè tout peyi a yo rele, “Si w Wè yon Bagay, Di yon Bagay,” yon pwogram senp e efikas ki vize ogmante konsyantizasyon piblik la sou aktivite yo sispèk, epi rapòte li bay lapolis lokal.

 

###

14-DGD/025/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès